Pandan jounen Nasyonal Anseyan Ayiti yo mèkredi 17 me 2023 a, Inyon Anseyan Pwofesyonèl Laskawobas pwofite bay pozisyon l sou revandikasyon Anseyan yo, pandan yo prezante yon konferans sou Dwa Travay Anseyan Ayisyen yo.

Pou sa ki lye ak konferans lan, « Relasyon Pwofesè-Direksyon ak obligasyon youn anvè lòt », se te pwen entèvansyon mèt Friscat Charles ak Caseneuve Jean Robert ak Naczius Joseph ki se 2 reprezantan Inyon Anseyan pwofesyonèl Laskawobas (UEPL).

Yon lòt bò, Dirijan Inyon Anseyan pwofesyonèl Laskawobas yo te tou mande minis edikasyon Nasyonal la, Nesmy Manigat, pou li pa voye jete kaye revandikasyon pwofesè yo. Selon UEPL, se pwen sa yo pou minis la respekte:


1- Kat debi
2- Ajisteman salè selon kou lavi a
3- Nominasyon tout pwofesè nan klas yo
4- Remèt chèk Leta kenbe enjis yo
5- Peye Anseyan premye ak dezyèm sik yo 80 000 goud.
6- Peye sèvis kredi « pa m » sou 12 olye de 6 mwa.
7- Bay bon jan asirans sante
8- Peye salè yo regilyèman.

Pi lwen, yo di yo vle fè minis la konprann anons ou peye anseyan tout mwa yo se yon fason pou krache sou revandikasyon anseyan yo ki jis. Se kaye revandikasyon yo pou minis la gade, selon pwofesè Edouard Esperance.

Pou fini, mèt Caseneuve Jean Robert fè konnen UEPL ki regwoupe yon ansanm manm Òganizasyon sendikal anseyan, se yon estrikti ki re-kanpe nan lide pou rekòmanse ak tout sa yo t ap fè ki te kanpe nan absans yo, kontrè ak trak ki vle fè kwè yo se moun k ap kraze mouvman anseyan yo.

Washington FLORVIL, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841