Gwoup mizikal ki genyen non Zafem ki te sòti yon albòm ki gen pou Tit « LAS » nan dat 5 me 2023 a, ap bat rekò nan mond kiltirèl la, atravè divès platfòm estriming yo.

2 tenò nan mizik Ayisyèn nan tankou Reginald Cangé ak Dener Ceide avèk yon jèn fòmasyon mizikal rive ponn yon albòm yo kalifye de chedèv pa plizyè analis mizik, egalman pa divès moun yo kalifye kòm melomàn avize. L.A.S kise aparamman akwonim Lalin ak solèy, se yon plak ki gen 16 mizik sou li, ki rive re-mete pwojektè piblik ayisyen an sou konpa antanke jan mizikal epi kreye efori nan sosyete Ayisyèn nan.

Sepandan albòm sa pa selman ret Ayiti li rive travèse fwontyè pou touche tizè mizik nan tout mond lan, atravè platfòm estriming yo kote l ap bat gwo rekò, sa ki konsidere tankou yon grand premyè pou yon jèn fòmasyon mizikal Ayisyen.

Jan dikton an di l « Atizay  pa gen lizyè » , e Zafèm ap pwouve sa nan fason l ap kreye plas li nan mitan gwo atis ak fòmasyon mizikal nan mond lan,  Keseswa sou divès platfòm estriming tankou ; ITunes, Spotify, YouTube pou site sa yo sèlman. Selon plizyè medya ameriken albòm Zafem nan  tabli kò l pami 15 meyè Bilbòd nan mond lan atravè divès klasman mondyal tankou ;  nimewo 25, Pami Heatseekers, nimewo 50 meyè vant albòm aktyèlman, epi 87èm meyè albòm avèk anviwon 1500 ekzanplè ekoule.

Yon lòt kote kolaborasyon 2 atis yo fè pati kategori epi twouve yo nan pozisyon 36zyèm atis emèjan. Nap raple se yon grand premyè pou yon jèn fòmasyon mizikal Ayisyen rive fè tout eksplwa sila yo nan mond lan notamman avèk premye plak yo.

Jefferson Bonissant, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841