Nan yon nòt Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl #MENFP mete deyò madi 14 jèn 2023 a, responsab yo anonse y ap pote divès chanjman nan sistèm Edikatif Ayisyen an e ka kòmanse aplike depi nan lane akademik 2023-2024 la.

Pami chanjman sa yo, nou remake koyefisyan pou kèk matyè tankou Kreyòl ak Syans sosyal ki pase de 200 a 300 pwen.

Yo fè konnen tou y ap ajoute yon nouvo matyè yo rele « Inisyasyon a teknoloji » ki li menm k ap genyen yon koyefisyan ki sou 200 pwen.

MENFP ajoute pou di aprè matyè lang yo, tout lòt egzamen yo ap prezante nan 2 lang ofisyèl peyi Ayiti ki se Kreyòl ak Fransè, kote Kandida a ap gen pou li chwazi egzamen nan lang li vle konpoze a.

Pi lwen, responsab yo nan MENFP ankouraje aprantisaj anglè ak espayòl depi nan 3zyèm ane fondamantal, sa yo kwè k ap mye ede aprenan yo adapte ak lang etranje sa yo.

Fragile Florince, Centre à la UNE.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841