Divès lekòl nan komin Sodo pa sispann patisipe osnon òganize diferan kategori aktivite ki mache kòt a kòt ak lekòl la

«J’épelle au bonheur» reyalize final 1e edisyon konkou epelasyon ant divès lekòl nan komin Sodo vand 17 jen 2023 a. Pou gran premyè sa a, te gen 7 lekòl ki te patisipe, pami yo «École Presbytérale Notre-Dame de Fatima» ki ranpòte premye pri a ak «École Nationale de Saut-d’Eau» ki rive nan 2èm pozisyon.

Objektif prensipal «j’épelle si bonheur» pou premyè edisyon konkou sila (me-jen 2023) se te ogmante konsiderableman kapasite òtografik aprenan yo nan vil Sodo, sa k ap pèmèt yo ekri yon kantite mo san yo pa okenn fòt. Paske, pou Ernst Madichon «Li inadmisib e enkonsevab pou yon elèv rive nan NS IV pou li pa ka redikje yon senp lèt.»

Pou ane 2023 a, men lis lekòl nan komin Sodo ki te patisipe nan konkou a :

Gwoup A.

  1. Institution Mixte Marie Reine des Apôtres (IMMRA)
  2. Institution Mixte Emmanuel par la Foi (IMEF)
  3. Centre Familial d’études et d’Apprentissage (CFEA)
  4. École Presbytérale Notre-Dame du Fatima (EPNF)

Gwoup B.

  1. École Nationale de Saut-d’Eau (ENS)
  2. Jardin Enchanté de Nick-Nick (JENN)
  3. Institution Mixte Source de vie (IMSV)

Estaf «j’épelle au bonheur» a gen 4 prensipal responsab: Jounalis-piblisis Ernst Cadichon, avoka Rose Gurlaine, avoka Ruggeri Chery epi isye Louissaint Jeff. Se sitwayennss yo k ap evolye andedan komin Sodo ki te pran inisyativ sila pou lanse konkou a ki te kòmanse vandredi 24 me 2023 a.

N ap note, se pa sèlman «J’épelle au bonheur» ki òganize aktivite pou elèv yo nan komin Sodo, genyen «Koneksyon Sodo» pou chanpyona ant lekòl yo, «Tab Konsètasyon Sodo» pou kou ratrapaj ak oryantasyon pwofesyonèl pou elèv ki fini yo, «La Fraicheur Mont-Carmel de Saut-d’Eau» ki inisye wikenn liv, epelasyon, lekti, dans…, «IMMRA ak La Providence» ki òganize fwa gastwonomik.

Jan finalite Edikasyon Ayisyèn nan di li a «L’éducation haïtienne vise avant tout à favoriser la formation de l’homme-citoyen -producteur, capable d’améliorer en permanence les conditions physiques naturelles; à créer les richesses matérielles et contribuer à la promotion des valeurs culturelles, morales et spirituelles», komin Sodo vle pou tout aprenan li yo kapab genyen aksè ak yon Edikasyon pliridimansyonèl, ki kwafe pa mwayen (Éducation de la tête, du cœur, de la main, et spirituelle).

Sérondier LOUISIA, Centre à la UNE

By Sérondier Louisia

Sérondier LOUISIA se yon Ayisyen otantik, yon Inivèsitè ki fè Syans Edikasyon ak Lekòl Nòmal Siperyè, ki etidye Filozofi ak Lèt. Li se Anseyan, Sansè, Jounalis, Chèchè, Enfòmatisyen...