Humanitarian parole Ayisyen yo rele pwogram Biden, ki te lanse 5 janvye 2023 a, kontinye ap fè chemen l selon sa anbasad amerikèn fè konen nan dat jedi 13 jen 2023 a.

Humanitarian Parole, s on pwogram administrasyon Biden-Harris la te lanse 5 janvye 2023 a, nan optik pou pèmèt sitwayen plizyè peyi tankou: Haïti, Venezuela, Cuba, Nicaragua antre Etazini legalaman, yon fason pou frennen vag migrasyon ilegal k ap fèt sou fwontyè Etazini ak Meksik la.

Sepandan, selon miz ajou yo, anbasad Amerikèn an Ayiti fè konnen, soti 5 janvye pou rive fen mwa avril, gen anviwon 39 000 Ayisyen ki apwouve ak vwayaje nan kad pwogram imanitè migrasyon kondisyonèl sila. Yon lòt kote, anbasad Amerikèn egzòte sitwayen ki konsène yo, pou yo pa pran chans angaje yo nan mwayen ki ilegal ni al riske lavi yo pou antre Etazini aprè pou yo voye yo tounen, sa ki ka koz yo pèdi nan fason definitiv posibilite pou yo patisipe nan program Humanitarian parole la.

Paralèlman, daprè yon atik Washington
Times pibliye, sòti janvye rive nan mwa avril genyen anviwon 10 347 Ayisyen ki deja rive Etazini, e nan men m espas tan sa a se plis pase 580 000 Ayisyen ki deja aplike nan program nan, sepandan nan yon aspè global pou rive nan mwa avril gen anviwon 1.5 milyon moun ki aplike pou programme Humanitarian parole la.

Toujou selon Washington Times, gen yon kantite konsiderab moun ki foule sol ameriken an nan kad program sa, e pami benefisyè yo Ayiti nan tèt lis la ak plis pase 10 437 moun, Cuba an dezyèm ak 7 316 moun, Venezuela twouve l an twazyèm ak 5 435 moun epi w jwenn an dènye pozisyon Nicaragua avèk anviwon 5 215 moun ki vwayaje nan peyi Etazini nan kad program Humanitarian Parole la.

Rezon dèt pwogram Biden lan tabli l, nan sousi pou favorize sitwayen peyi konsène yo pou pran vwa legal pou imigre Etazini sa ki lakoz anbasad Amerikèn dekouraje sila yo ki anvizaje antre nan fason ilegal epi tou avèti yo yap voye yo tounen e yap men m pèdi posibilite pou patisipe nan kad pwogram Biden nan.

Jefferson Bonissant, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841