Antrenè seleksyon nasyonal feminen Ayiti a, Nicolas Delépine, devwale jedi 15 jen 2023 a yon premye lis ki gen 25 jwè, k ap la pou rasanbleman mwa jen sa a, ki gen rapò ak preparasyon grenadyè yo pou koup dimond bò kote medam yo.

Koup dimond FIFA ap òganize nan ant peyi Ostrali ak Nouvèl Zeland, soti 20 jiyè pou rive 20 dawout k ap vini la a ak 32 seleksyon (ekip) k ap gen pou jwe antou 64 match.

Men lis jwè ki seleksyone yo ak tout plas yo jwe:

Gadyen yo se :
Kerly Théus
Lara-Sofia Larco
Gabrielle Marie Emilien

Defansè yo se :
Chelsea Surpris
Ruthny Mathurin
Tabita Joseph
Kethna Louis
Milan Raquel Pierre-Gérome
Betina Petit-Frère
Esthericove Joseph
Amandine Pierre-Louis

Milye teren yo se :
Melchie Daëlle Dumonay
Danielle Étienne
Sherly Jeudy
Jennyfer Limage
Noa Olivia Ganthier
Maudeline Moryl
Dayana Pierre-Louis

Atakan yo se :
Batcheba Louis
Nérilia Mondésir
Roseline Eloissaint
Roselord Borgella
Shwendsky Macelus Joseph
Florsie L. Darlina Joseph

FHF anonse antrenè a oblije rele yon nouvo defansè ki se defansè «Amandine Pierre Louis» k ap jwe nan klèb Rodez AF nan D1 Arkema an Frans, pou ranplase defansè «Claire Anna Constant» ki blese nan jenou dwat li.

Toujou selon Federasyon Foutbòl Ayisyen an, nan lis reponsab yo prezante a, genyen non gadyen Nahomie Ambroise ki ajoute, se paske li te prezan pandan 2 premye etap kalifikasyon yo. Tout lòt seleksyone se jwè regilye antrenè a chwazi.

N ap note pou mye entegre mondyal la, seleksyon Ayisyèn nan ap prepare nan twa etap:

  1. Soti 19 jen rive 2 jiyè y ap nan peyi Laswis pou jwe yon match kont «Malta» nan «Martigny». Match sila ap jwe nan dat 1e jiyè.
  2. Soti 2 pou rive 12 jiyè, seleksyon ap nan peyi «Kore du Sud» pou jwe yon match amikal nan dat 8 jiyè kont ekip lokal la, ki kalifye tou pou koup dimond lan.
  3. Finalman, soti 12 pou rive 20 jiyè, seleksyon an ap antre nan peyi Ostrali pou yon dènye seyans antrènman ak yon match trè pratik, ki p ap gen fanatik. Match sa a ap jwe nan dat 15 jiyè kont yon seleksyon nan zòn baz ekip la nan «Perth» ki se yon vil nan peyi Ostrali.

Selon FHF, tout peyi a dwe kontinye motive, nan sousi pou voye enèji pozitif pou seleksyon an, ki konstitiye de yon trè bèl ekip pou ane sa a, e ki moutre yo genyen anpil, vrèman anpil anvi.

Sérondier LOUISIA, Centre à la UNE.

By Sérondier Louisia

Sérondier LOUISIA se yon Ayisyen otantik, yon Inivèsitè ki fè Syans Edikasyon ak Lekòl Nòmal Siperyè, ki etidye Filozofi ak Lèt. Li se Anseyan, Sansè, Jounalis, Chèchè, Enfòmatisyen...