Antrenè Seleksyon Nasyonal Ayisyèn nan, Gabriel Pellegrino Calderon, kominike jounen lendi 29 jèn 2023 a lis 23 jwè li seleksyone ki prale jwe 17èm edisyon Gold Cup la nan peyi Etazini ak Kanada pou AYITI. N ap prezante lis jwè yo, pòs yo jwe, klèb aktyèl yo  :

Gadyen yo se: Alexandre Pierre (RC Strasbourg an Frans), Josué Duverger (Santarém) ak Garissonne Innocent (Eupen).

Defansè yo se: Carlens Arcus (Vitesse Arnhem), Ricardo Adé (Liga de Portiva Universitaria de Quito), Steven Séance (Sedan), Garven Metusala (FC Forge), Alex Christian Jr (FC Telavi), Djimmy Ben Alexis (Hapoel Petah-Tikva FC) ak Donald Guerrier (Zira FK).

Milye teren yo se: Danley Jean-Jacques (FC Metz), Bryan Alceus (Olympiacos Nicosia), Carl Fred Sainté (North Texas), Leverton Pierre (US Dunkerque), Steeven Saba (Violette AC) ak Jeppe Simonsen (Bodbeskidzie).

Atakan yo se: Frantzdy Pierrot (Maccabi Haïfa), Duckens Nazon (CSKA Sofia), Jayron Jean (Real Sant Cruz), Carnejy Antoine (Happoel Haïfa), Fabrice Picault (Nashville SC), Derrick Etienne Jr (Atlanta United) ak Mondy Prunier (FC Versailles).

Seleksyon nasyonal la te fè yon trè bèl pèfòmans nan Gold Cup 2019 la, kote li te bat Bèmid, Nikaragwa, Kostarika, Kanada; sa pouse anpil Ayisyen espere yon lòt pèfòmans grandyoz de grenadye yo pou ane sa a.

Sérondier LOUISIA, Centre à la UNE.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841