Corventina se youn nan ra jwèz ki pa janm sispann apresye epi tounen lanmou san limit pèp Ayisyen an toujou gen pou linfl jersey shop nike air max 90 white cheap nfl jersey wigs for sale cheap nfl jerseys best sex toy for women custom wigs cheap jordan 1 best couple sex toys custom jerseys football cheap jordan 4s nike air max 270 womens custom hoodies custom jerseys football online adult sex toys

Egzakteman 5 jou avan avan seleksyon Ayisyèn nan bò kote medam yo al toke li ak Angletè nan koup dimond ane sa a, «Corventina» pibliye yon vibran mesaj sou paj ofisyèl li dimanch 16 jiyè 2023 a, pou asire epi pataje degre apresyasyon ak lanmou l pou tout pèp Ayisyen an.

Mibalezyèn nan kòmanse mesaj li a lè l salye gran piblik la nan mo sa yo: «Gwo salitasyon pou tout fanatik yo !»

Li kontinye nan pataje yon miltitid remèsiman ak tout sipòtè yo: «M vle pran yon ti tan jodi a pou m remèsye nou pou gwo sipò nou ban mwen chak jou.»

«M rekonesan pou fason nou montre m lanmou nou gen pou mwen. Se sa ki ban m plis motivasyon pou m bay tout mwen menm sou tèren an.

Pi lwen, «Pepit» Ayisyèn nan koube l byen ba pou eskize kantite mesaj admiratè li yo li pa ka fin reponn: «Mesaj nou yo anpil, m pa garanti nou m ap ka reponn nou tout, men m vle di nou MÈSI !»

Milye aksyal la voye yon mesaj trè fò konsènan konpetisyon an: «Peyi nou nan Koup di Mond, se yon rèv nou te genyen depi plizyè lane, ki finalman reyalize. An nou fè yon sèl ak ekip la pou n al montre le mond kisa AYITI gen lakay li kòm talan.»

Li konkli ak yon ti fraz senp ki, poutan, chaje ak leson moral, anplis de tout santiman fyète ki travèse tèks la : «Nou rive san pran daso, Grenadye Alaso !» 💪🏽🇭🇹

N ap note, koup dimond sa a se yon gran premyè pou Melchie, men ki genyen yon enpòtans èkstrèmeman fondamantal pou chouchou pèp Ayisyen an. Se tout peyi a, kit se sa k ap viv Ayiti, kit sa ki nan entènasyonal la, k ap tann antre grenadyè yo nan mondyal sa a k ap òganize nan peyi Ostrali ak Nouvèl Zelann, soti 20 jiyè pou rive 20 dawout 2023 a.

Sérondier LOUISIA, Centre à la UNE

By Sérondier Louisia

Sérondier LOUISIA se yon Ayisyen otantik, yon Inivèsitè ki fè Syans Edikasyon ak Lekòl Nòmal Siperyè, ki etidye Filozofi ak Lèt. Li se Anseyan, Sansè, Jounalis, Chèchè, Enfòmatisyen...