Depi vandredi 15 sektanm 2023 a, Prezidan Dominiken an, Luis Abinader òdone fèmen tout fontyè ant Ayiti ak Dominikani

San prezans Corventina, seleksyon Nasyonal Ayisyèn nan bò kote medam yo, ap kòmanse faz eliminatwa « Gold Cup » yo jedi 21 sektanm 2023 a, a 8 tè nan aswè. Match sila ap jwe nan estad Olempya Phelix nan Repiblik Dominikèn.

Seleksyon Nasyonal nou yo gen pliske 2 lane depi yo pa resevwa match nan peyi a. Gen plizyè bagay ki koz sa, men kèk :

  1. ENSEKIRITE : Nou tout konnen trè byen Ayiti sou yon lis wouj depi kèk tan. Nèg ak zam k ap fè lalwa nan peyi a vin fè dirijan yo pa ka bay garanti pou sekirite etranje ki sipoze antre yo (ofisyèl match yo, ekip advès la…)
  2. MANK ENFRASTRIKTI : Estad Sylvio Cator se sèl teren nou genyen nan moman an ki ka resevwa yon konpetisyon entènasyonal. Gen sipèvizyon ki pou fèt ladan l tou, men pou kounya, li abandone nan kè Pòtoprens lan.
  3. PWOBLÈM LÒT TEREN YO : Li enposib pou lòt teren nou gen nan peyi a resevwa match pou kounya, paske yo tout mande gwo pase men.
    Pelouz yo, limyè yo ak vestyè yo. Anviwònman teren an se yon lòt priyorite tou. Tout “Parc Sportif” sa yo pa ka pase enspeksyon CONCACAF ak FIFA a.

An 2019 pa egzanp, pou rezon sa yo, AS Capoise pa t kapab resevwa match CONCACAF League yo nan vil Okap nan depatman Nò peyi Ayiti.

Nou tout t ap renmen wè Ekip Nasyonal nou yo k ap jwe lakay, men kondisyon yo pa reyini pou kounye a. Jwe nan peyi vwazen, se altènativ ki pi fasil e ki koute mwens lajan. Se domaj, men nou pa gen lòt chwa pou lakay.

Caleb Jephté Pierre

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841