Nan ekip «tip» Gold Cup pibliye 02 novanm 2023 a sou dènye match ki jwe nan «League A» a, seleksyon Ayisyèn nan pou kont li genyen 5 pami 11 meyè jwez yo: Melchie, Nérilia, Kethna, Amandine ak Batcheba. N ap note, Ayiti jwe 3 match pou 3 viktwa (9/9), kote ekip la make 25 gòl epi yo pa pran.

Anpil moun mande poukisa se pa gadyèn Ayiti a, Kerly Théus, ki rive meyè gadyen, puiske li fè pati 2 gadyèn ki pa pran gòl nan faz sa a. Meyè gadyèn nan se Simone Eligon, poutan, ekip li a ki se Trinidad and Tobago pran 7 gòl epi li make yon sèl gòl. Se rezon sa a ki pouse anpil moun mande poukisa se pa Kerly Théus ki rive meyè gadyen an ?

Kerly Théus, gadyèn seleksyon ayisyèn nan

Nan 4 gwoup (A, B, C, D) ki anglobe 34 seleksyon, aprè Ayiti, se sèlman ekip Beliz la k api pa pran gòl epi ki make 14 pou 4 match li jwe, kote li fè 4 viktwa (12/12).

N ap note, match sa yo ap jwe nan kad eliminatwa Gold Cup seleksyon an bò kote medam yo pou jwenn biyè kalifikasyon l pou ale jwe Gold Cup sa a k ap gen 12 ekip ki kalifye, pou jwe tounwa a k ap kòmanse soti 20 fevriye pou rive 10 mas 2024.

Seleksyon an pa sèlman fè eksplwa nan fè viktwa, men tou li genyen meyè bitè premye faz la epi genyen 2 lòt meyè bitè yo. Men kijan lis la ye :

  1. Melchie Daëlle Dumornay Corventina (8 gòl)
  2. Nia Thompson (6 gòl)
  3. Nérilia Mondésir (5 gòl)
  4. Batcheba Louis (5 gòl)

Pakou Ayiti nan kad eliminatwa sa a chita sou yon trè bon pant. Pou 3 premye match medam nou yo jwe sou 4 yo ap jwe nan faz sa a, nan dat jedi 21 sektanm pase a nou te bat Kostarika 1-0. Jedi 26 oktòb pase a, nou bat Saint-Kitts and Navis 0-11 epi nan dat lendi 30 oktòb la nou bat Saint-Kitts and Navis 13-0. Sa ki fè nou make 25 gòl epi gade filè nou vyèj.

Randevou ki pi prè seleksyon Ayisyèn nan genyen se pou jedi 30 novanm 2023 a, kote peyi a pra l jwe 4èm match li nan faz sa a epi 2èm match li fas ak Kostarika AYITI te bat 1-0 nan premye sòti yo.

Grenadyè yo pwouve nan tout sans yo vle mete seleksyon Ayisyèn nan kote li dwe rive, lè tout mond lan ap suiv kantite enèji medam yo ap kontinye degaje, nan sousi pou kalifye Ayiti pou Gold Cup 2024 la, pou nou pa di rive chanpyon.

Sérondier LOUISIA, Centre à la UNE

By Sérondier Louisia

Sérondier LOUISIA se yon Ayisyen otantik, yon Inivèsitè ki fè Syans Edikasyon ak Lekòl Nòmal Siperyè, ki etidye Filozofi ak Lèt. Li se Anseyan, Sansè, Jounalis, Chèchè, Enfòmatisyen...