34èm edisyon Koup Afrik Nasyon an (CAN) pou lane 2023 a, ap kòmanse samdi 13 janvye 2024 sa a nan peyi Kot Ivwa. Match yo ap jwe nan 6 estad ak 5 vil sa yo:
Abidjan, Bouaké, Korhogo, San-Pédro ak Yamoussoukro, kote 24 ekip yo pral jwe 52 match. Gran final edisyon sa a ap fèt nan dat 11 fevriye 2024 la nan estad «Olympique d’Ebimpé».

LISTWA

Premye edisyon CAN nan te lanse nan lane 1957, kote se te sèlman twa (3) nasyon ki te patisipe: Ejip, Soudan ak Etyopi epi peyi Ejip te chanpyon sou Etyopi. Peyi chanpyon an tit la se Senegal nan lane 2021 sou seleksyon Ejipsyèn nan. Ekip ki gen plis tit la se peyi Ejip, li ranpòte 7 final. Meyè bitè CAN nan jiska jodi a (2024) se Samuel Eto’o ak 18 gòl. Jwè ki fè plis aparisyon an se Rigobert Song, li jwe 36 match.

1e janvye 2024 la make 220èm ane anivèsè Selebrasyon Endepandans peyi Ayiti ki se pitit Lafrik

Se Konfederasyon Foutbòl Afriken an (CAF) ki toujou òganize chanpyona depi 34 ane. Peyi Kotdivwa pral òganize li ane sa a soti 13 janvye rive 11 fevriye 2024, ak patisipasyon 24 ekip k ap gen pou jwe 52 match.

«Akwaba» nan lang akan vle di Byenveni. Li se maskot ofisyèl (sa k ap pote bonè) nan konpetisyon an. Akwaba a se «im» ofisyèl konpetisyon an tou. Responsab yo te fè chwa sa a 12 oktòb 2023, pandan tiraj yo nan Abidjan. «Im» sa a se yon kolaborasyon mizik ant Yemi Alade, gwoup Magic System ak Mohamed Ramadan.

«Pokou» se balon ofisyèl 34èm edisyon koup Afriken an. Non sa a refere ak foutbolè entènasyonal Ivoryen an, Laurent Pokou, ki te mouri nan lane 2016.

Finalman, Koup Afrik Nasyon yo (CAN) pou ane sa a kalifye de yon opòtinite pou revele ekspresyon kiltirèl Ivwaryen yo atravè yon «twal». Twal sa a genyen gwo siyifikasyon ki konbine ak tradisyon, kreyativite epi fyète nasyonal peyi Kot Divwa ak tout abitan li yo.

Sérondier LOUISIA, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon ajans an liy ki bay nouvèl nan tout rakwen peyi Dayiti ak rès Mond lan. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841