Konvoke pou vandredi 23 jen 2023 a nan kabinè enstriksyon nan kad ankèt k ap mennen sou masak ki te fèt nan Saline nan, Fednel Monchéry pa reponn ak envitasyon majistra Jean Wilner Morin te fè li sou dosye sila; ki donk, li boude envitasyon Jij la.

Ansyen direktè jeneral Ministè enteryè ak Kolektive Tèritoryal yo akize kòm moun ki patisipe nan masak La Saline nan, masak ki te fèt nan sware 13 pou rive 14 novanm 2018. Ansyen direktè jeneral la te dwe prezante jodi a ki se vandredi 23 jen 2023 a, nan kabinè enstriksyon, pou reponn kesyon Jij Jean Wilner Morin.

Malerezman, ansyen kandida Senatè pou depatman Lwès la, Fednel Monchery, pa t mete pwent pye l douvan jij ankètè a pou tande li sou masak la.

Se nan sa a jij Morin voye yon manda bay Direktè Santral Polis Jidisyè (DCPJ), pou mande l arete Fednel Monchery epi mennen l pou li, nan sousi pou limyè fèt sou krim ki te retire lavi plizyè malere ak malerèz nan Lasalin.

N ap note, Fednel Monchéry se pa sèlman non ki site nan masak sila ki te fè plizyè santèn mò, plizyè douzèn blese pa bal ak anpil lòt disparèt.

N ap raple, nan masak sila a, non ansyen Delege Depatmantal Lwès la, Pierre Richard Duplan, ansanm ak ansyen polisye, konvèti an chèf gang, Jimmy Chérisier alyas Barbecue te site tou, daprè plizyè rapò òganizasyon dwa moun yo te mete deyò sou dosye sila.

Cenes JOSEPH, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon ajans an liy ki bay nouvèl nan tout rakwen peyi Dayiti ak rès Mond lan. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841