Majistra Wilner Morin te envite chèf pati «Viktwa» a Fednel Monchery jounem vandredi 23 jen 2023 a pou vin reponn kesyon lajistis sou dosye masak Laslin nan; Fednel deside pase envitasyon sila anba pye. An konsekans, majistra Morin mande DCPJ pou arete ansyen DG ministè Enteryè a mennen ba li.

Pou yon rapèl, toujou nan kad masak Lasalin nan, Lapolis Nasyonal Ayiti, anba lòd lajistis, te arete ansyen DG ministè Enteryè Fednel Monchery nan dat 13 fevriye 2021 nan Pòtoprens, menmsi si non sèlman li lage menm moman an, men tou polisye ki te arete l yo te oblije pati kite Ayiti. «Quel pouvoir !» Sa anpil sitwayen t ap klewonnen nan peryòd la.

13 fevriye 2021, Fednel Monchery anba kòd

Sou menm lanse a, men sa Saint Pierre Straly te deklare: « J’ai quitté mon pays pour cause d’insécurité. Je serais mort si je ne m’étais pas enfui.»

Pi lwen, pou menm dosye masak Lasalin nan, ansyen prezidan Jovenel Moïse te vin twouve l nan obligasyon pou fòse Fednel demisyone. Anplis de Etazini ki te sanksyone prezime asasen an nan lane 2020.

Ansyen prezidan Jovenel ak Fednel Monchery

Yon lòt bò, Pierre Richard Duplan ki akize kòm youn nan moun ki patisipasipe nan «Masak La Saline» nan, dwe reponn kesyon Jij Jean Wilner Morin lendi 03 jiyè 2023 a. Aktyèlman, ansyen majistra Pòtoprens lan fè konnen li nan vwayaj aletranje pou rezon sante, sa ki anpeche li parèt devan majistra a lendi 26 jen an pou di sa li konnen sou masak Lasalin nan.

Pierre Richard Duplan

N ap ajoute, se pa sèlman 2 reprezantan Leta pi wo yo ki ta enplike nan masak sila, genyen anyen polisye e aktyèl chèf «gang G9» la ki se Jimmy Chérisier alyas Barbecue, ki genyen non li site trè fò nan kad masak sila tou.

«Masak Lasalin» nan se yon evènman trajik kote nan «lannwit 13 pou louvri 14 novanm 2018», moun yo pa t rive idantifye te desann nan «katye popilè» sa a ki nan Pòtoprens, kapital peyi Ayiti, asasinen plis pase 71 sitwayen, boule kay, blese epi disparèt plizyè lòt pami yo.

Sérondier LOUISIA, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon ajans an liy ki bay nouvèl nan tout rakwen peyi Dayiti ak rès Mond lan. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841