Responsab yo nan Asosyasyon Majistra Latibonit (AMA) reyalize yon atelye Depatmantal nan komin Sen-Michèl Delatay vandredi 23 jen 2023 a, kote divès Majistra te soti nan plizyè komin nan depatman an te reponn prezan.

Prezidan AMA ki se Doktè Gueillant Dorcinvil ki salye inisyativ la, te pwofite okazyon an pou fè konnen nan atelye sa a, yo rive rekòmande 16 gran pwen pou pote bay Ministè titèl yo k ap gen pou vote nan kad yon atelye Nasyonal 26 ak 27 jen k ap vini an, nan lide pou sipòte fonksyon Piblik la nan sa ki gen pou wè a Kolektivite Tèritoryal yo.

Israël CEDIEU Gonayiv, Centre a la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841