Asosyasyon Majistra Latibonit (AMA), reyalize yon atelye Depatmantal nan komin Sen-Michèl Delatay vandredi 23 jen 2023.

Lide atelye sa se pou vize yon dokiman ministè titèl yo voye ba yo sou chanjman k ap pote nan fonksyon Piblik la, epi reflechi ansanm pou fè rekòmandasyon pa yo sou divès pwen enpòtan pou bay ministè enteryè ak Kolektivite Tèritoryal yo onivo biwo santral, sa k ap gen pou vote nan kad yon atelye Nasyonal ministè a ap òganize 26 ak 27 jen k ap vini la, yon fason pou Meri yo ka fonksyone san difikilte atravè tout peyi a, espesyalman nan depatman Latibonit, selon Prezidan Asosiyasyon an, Doktè Gueillant Dorcinvil.

M. Dorcincil te rankontre ak laprès aprè atelye Depatmantal la, kote li felisite ak remèsye kolèg Majistra yo ki te sòti nan plizyè komin depatman Latibonit la, e reponn prezan pou reyisit gwo atelye sa, malgre ensekirite a ap fè pale deli seryezman nan depatman an. Nimewo 1 AMA salye inisyativ ministè enteryè pran pou chanje fason fonksyon Piblik la t ap mache.

Yon lòt bò, majistra komin Sen-Michèl Delatay la deklare atelye Nasyonal sa yo rive Delege 2 manm nan komite Direktwa AMA, pou ale patisipe nan rankont k ap kòmanse lendi 26 jen epi k ap fini madi 27 jen k ap vini la.

Pi lwen, prezidan an te pwofite okazyon an pou fè konnen, li lè li tan pou meri yo sòti nan sitiyasyon difisil sa a, akoz yo pa ka jwenn lajan biwo santral yo, pandan l di lajan ki te alwe pou meri yo fè devlòpman pa janm rive jwenn yo e se son sèl fwa meri l ap dirije a te jwenn 5 milyon goud.

Konsa, li fè rekòmandasyon 16 gran pwen yo fè ak ministè enteryè, e mande pou kòb ki alwe pou komin yo pa manyen. Yon sistèm regilasyon pou chak depatman pou pèmet fonksyon Piblik la genyen moun ki kalifye ladan l pou sèvis ki dwe yo bay yo bay ak eli seksyon kominal yo.

Yo di Leta dwe rekonèt yo kòm fonksyonè Piblik aprè manda yo fini. Majistra Dorcinvil kwè si biwo santral vle fè refòm tout bon vre nan fonksyon Piblik la ak Kolektivite Tèritoryal yo, rekòmandasyon pou eli nan seksyon kominal ak kominal yo vin yon fonksyonè Piblik dwe aplike san pwoblèm.

Li souliye majistra a ki rekondwi nan tèt mèri yo, Leta dwe yo plis pase 30 mwa salè yo.

N ap fè konnen, atelye Depatmantal sa òganize nan tout 10 depatman jewografik peyi Ayiti, avan atelye Nasyonal ministè enteryè konte òganize pandan 2 jou nan Pòtopwens.

Israël CEDIEU Gonayiv, centre a la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon ajans an liy ki bay nouvèl nan tout rakwen peyi Dayiti ak rès Mond lan. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841