Selon yon nòt CSPJ ki se konsèy pouvwa jidisyè a mete deyò 26 jen 2023 a plizyè jij deyò nan sistèm nan pou divès rezon pami yo jij Luc Kerlin charles ki tap fè la lwa nan komin sodo depatman sant peyi a deyò nan sistèm nan pou paske li te bay yon fo diplòm etid segondè.

jij Dudié prophète deyò nan sistèm nan paske li tap pran lajan anba tab nan men jidisyab yo,li tap fè la lwa nan katye Moren depatman nò peyi a.

Lyonel Ralph Dumanche ansyen dwayen nan kwadèboukè deyò pou divès dosye ki pa klè.

Ernest ISAAC tap taye Banda nan trinal miragwán deyò pou move konpòtman .

Gesner MORISSETE se jij nan TPI kap Ayisyen ki deyò nan sistèm nan paskè lap ransone jidisyab yo .

Bruno LERICHE jij enstriksyon nan tribinal nan TPI kwadèboukè ki deyò pou divès dosye ki pa klè.

Cherimond SAINT-JULIEN ,nan TPI miragwán ki deyò nan sistèm nan paske li gen move konpòtman nan distèm jistis Ayisyen an.

Selon sa divès sitwayen ki pat vle non yo site ni anrejistre yo fè konnen ,yo santi yo kontan pou kout bale sa a CSPJ a fè nan sistèm nan ,note yo mande pou travay sa a kontinye fèt atravè tout peyi a,selon yo gen anpil deriv kap fèt nan sistèm nan men yo pè pote plent pou yo pa viktim plis swit ak ensekirite jeneralize kap wonje peyi a.

selon kèk moun depatman sant la nou te kesyone sou dosye sila yo mande pou CSPJ a mennen yon ankèt nan depatman sant la pou retire divès move je kap ransonnen jidisyab yo nan depatman an ,konsa tou gen yen lòt ki di travay CSPJ a gen fòs kote .

Cenes JOSEPH, Centre à la UNE

By Sadrax Ulysse

Sadrax ULYSSE diplomé en communication journalisme et en sciences du développement. Certifié par: Université laval Canada en développement durable et Université Shangor. Certifié en journalisme par: UNESCO, OIF, Ruters insititut....