Entènasyonal fransè a ki te ranpòte mondyal 2018 la avèk seleksyon li, rive jije kòm non koupab aprè li te gen divès akizasyon sou do li.best wigs for black women mlb custom jerseys adidas yezzy boost 350 v2 adidas outlet store orange cheap jerseys jordan nike air cheap jerseys nfl nike air jordan 4 retro cheap wigs nike air max plus black online wig store adidas stores wigs sale adidas yeezy 700 mens nike air max 97

Nan mwa oktòb 2020, Benjamin Mendy te fè objè divès akizasyon nan peyi Angletè, pami yo 6 vyòl, 1 agresyon seksyèl, nan mitan prezime viktim sa yo te gen yon adolesant 17 lane, nan mwa novanm 2020 ansyen defansè klèb “Manchester City” ta pra l konnen premye arestasyon li, tou swit aprè li ta l jwen liberasyon sou kondisyon li toujou fè objè ankèt. Janvye 2021 li re-arete epi libere ak entèdiksyon li pa gen dwa òganize fèt lakay li.

Lajistis nan peyi Angletè pa t sispan fouye zo nan kalalou nan sa ki gen pou wè ak dosye vyòl, tantativ vyòl, agresyon seksyèl ki peze lou sou do Benjamin Mendy nan dat 27 out 202 Mendy rantre nan yon prizon ki rele “ d’Altcourse” nan nò vil Livèpoul, desanm 2021 li te transfere nan yon sant penitansye, kote sekirite a pi solid ki rele “Strangeways” nan vil Manchestè.

N ap souliye, jwè a pase plis ke 4 mwa nan detansyon prevantiv pandan epòk sa, li vin libere nan kòmansman mwa janvye 2022, aprè liberasyon sa avoka prezime koupab la, Jenny Wiltshire te fè deklarasyon sila nan mikwo laprès. Benjamin vle lave non li pou l kapab rekòmanse konstwi vi li.

Nan mwa janvye 2023, li te reparèt devan lajistis e li te jwen favè Jij la kite elimine akizasyon, 30 jwen ki sot pase a se te fen kontra jwe a ak ekip Manchester City a, yon fen kontra ki mete Benjamin kòm jwè lib

Vandredi 14 jiyè 2023 a, BENJAMIN Mendy jije kòm non koupab pou tout akizasyon sa yo; 8 vyòl, 1 tantativ vyòl, 1 agresyon seksyèl sou 7 fanm diferan rive peyi Angletè, Foutbolè a pete kriye aprè vèdik la te fin pwononse.

Se yon gwo kontantman pou mond foutbòl la, plizyè lòt jwè reyaji pou di Mendy yo kontan liberasyon l pami moun sa yo ansyen koekipye l nan seleksyon fransèz la, Paul Pogba, epi etènasyonal Olandè a Memphis Depay

Joseph Samuel GUILLAUME, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon ajans an liy ki bay nouvèl nan tout rakwen peyi Dayiti ak rès Mond lan. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841