Nan vil Ench, jedi 20 jiyè 2023 a sendika Anseyan Angaje e Revòlte konteste desizyon Minis edikasyon an, Nesmy MANIGAT te pran 17 jiyè pase a, ki vize enpoze pèsonèl ki ta gen pou patisipe nan diveyans ekzamen ak koreksyon yo dwe enskri anliy.

René PIERRE ki se kòdonatè Aseyan Agaje e Revòllte nan plato Santral, ki te nan mikro Jacquelin NAPOLÉON pou jounal «Centre à la UnE» jedi 20 jiyè 2023 a, kalifye desizyon sila a de «abitrè».

Pou li, se ap yon gwo pwoblèm pou anseyan yo akoz difikilte entènèt la toujou poze nan peyi a, e kwè tou desizyon an pran trota. Li di tou pou peryòd sa a, desizyon an pa favorab. Li fini pou mande minis la pou resezi l epi retounen sou desizyon an.

Jacquelin NAPOLÉON, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon ajans an liy ki bay nouvèl nan tout rakwen peyi Dayiti ak rès Mond lan. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841