4 syèj, 30 sant ak 306 sal egzamen, se kantite lokal ki disponib ane sa a pou reyalizasyon eprèv yo nan Plato Santral
Pou ane 2023 a, Depatman Sant peyi Ayiti genyen 8097 kandida ki pral sibi eprèv NS IV ak filo yo lendi k ap vini la a. Genyen 4 syèj: Mibalè, Ench, Beladè ak Laskawobas, pou yon total de 306 sal. Se Direktè Adjwen Edikasyon an pou depatman an, Diquessi Germain, ki pataje enfòmasyon sa yo ak jounal Centre à la UNE samdi sa a.
Chak syèj sa yo konpoze de yon kantite sant egzamen: Ench ki genyen 15 sant vini an premye, Mibalè ki vini an dezyèm genyen 9 sant, Laskawobas genyen 4 sant li vini an twazyèm epi Balè ki an katryèm genyen 2 sant egzamen.


Pi lwen, nan awondisman Ench genyen 3 750 kandida ki pral konpoze, Mibalè gè genyen 2 597, Laskawobas genyen 1116 epi Beladè genyen 634 elèv k ap prepare pou ale konpoze lendi.
Toujou konsènan eprév sa yo, vandredi 28 jiyè 2023 a divès nan responsab MENFP yo enstale yon nouvo kominte pou jere egzamen NS IV yo nan distri Laskawobas, pami yo genyen Enspektè ak Direktè Lise.
N ap note, Mèkredi 26 jiyè 2023 a, Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl te rapòte genyen 118 342 kandida k ap patisipe nan eprèv NS IV yo. MENFP fè konnen tou pou ane sa a, se an tou se 313 278 kandida k ap pase egzamen leta yo, ki divize an : 9e AF, ENIJE, CEF ak Fen Etid Segondè.
Sérondier LOUISIA, Centre à la UNE