Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl MENFP rann piblik atravè Direksyon Ansèyman Siperyè ak Rechèch Syantifik lis inivèsite ki rekonèt nan ministè a.

Nan yon nòt Direksyon Ansèyman Siperyè ak Rechèch Syantifik «DESRS» mete deyò lendi 07 dawout 2023 a, rann piblik non 178 enstitisyon prive kou piblik ki otorize pou fòme etidyan sou teritwa Ayisyen an. Pami yo 138 se enstitisyon prive ak 40 ki se enstitisyon piblik.

Selon nòt la, enstitisyon sa yo klase de 2 gwoup yon premye kategori se enstitisyon sektè prive a ki reprezante 78 % , yon dezyèm kategori se enstitisyon piblik kise 23 antite nan Inivèsite Leta Ayiti a, 10 se inivèsite piblik nan kèk rejyon ak 7 lekòl Ansèyman siperyè ki atache ak yon ministè.

Pandan Direksyon Ansèyman siperyè ak rechèch Syantifik la ap tann lòt enstitisyon siperyè yo vin anrejistre, li pwofite anonse yon Resansman jeneral pou tout enstitisyon siperyè yo pou ane akademik 2023- 2024 la. N ap raple, selon dekrè 30 Jen 2020 an, ki jere Òganizasyon, fonksyònman ak modènizasyon Ansèyman siperyè yo nan atik 5 alineya 23, Ansèyman siperyè se: tout fòmasyon aprè fen etid segondè.

Yon lòt kote, divès jèn inivèsitè konprann se sèl peyi Ayiti yon enstitisyon Ansèyman ka plis konsidere tèt li kòm yon antrepriz olye yon lye fòmasyon.

Si anpil nan politisyen Ayisyen yo pran politik Ayisyèn nan pou sant koripsyon yo, èske pwofesyonèl Ayisyen yo dwe asepte Sant fòmasyon yo kòm sous fòmatè koriptè pou kòwonpi yo ?

Washington FLORVIL, Centre a la Une

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon ajans an liy ki bay nouvèl nan tout rakwen peyi Dayiti ak rès Mond lan. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841