Depi mwa janvye pou rive jiska jodi 20 dawout 2023 a, anviwon 2439 moun pèdi lavi yo ak plis pase 900 moun blese akoz gè gang yo, selon sa yon bilan Nasyonzini fè konnen.

Vyolans gang yo lakoz plis pase 5000 moun kite lakay yo, daprè Jerry Chandler ki se direktè jeneral pwoteksyon sivil. Paralèlman afwontman neg ak zam nan kafoufèy deja lakoz lanmò 30 moun. Epi pwovoke depa fòse yon foul moun, kap kouri pou vyolans kriminèl neg ak zam yo nan sousi pou sove lavi yo.

Imaj sitwayen Ayisyen k ap kouri kite kay yo nan mwa dawou 2023, paske gang anvayi yo.

Matisan, kwadèboukè, savyen, lilavwa, kafoufèy yon ansanm tèritwa pèdi pou n reprann deklarasyon minis jistis lan 《Éméline Prophète-Milcé 》ki kalifye divès zòn ki kontwole pa gang yo kòm tèritwa pèdi alòske divès rapò fè konnen plis pase 80% tèritwa ayisyen an alè aktyèl ap kontwole pa gang.

Jefferson Bonissant, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841