Dife nan komin bèladè 2 timoun boule fè chabon nan komin bèladè zòn kachiman (nan bare). Dukens cesard 3 lane ak Nelou cesard 5 lane kise pitit Louimène Luma ak Makenn Cesard, timoun sa yo rive mouri boule mèkredi 30 Out 2023 a. swit ak yon balèn manman yo Louimène Luma limen anndan kay la epi li te soti al chaje yon telefòn pandan lap parèt li jwenn kay la pran dife, malgre vijilans moun nan zòn nan yo pat ka fè anyen pou etèn dife a.

konsta yi ki te fèt pa jij Kenold Louissaint rapòte timoun yo boule tounen sann.

Nap raple Louimène ak Makenn Cesard tap viv nan yon kay planche, yon enfòmasyon ki konfime paazèk Aurel e sikològ Julien.

Wisnic John Rondeau, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841