✔️ Pi gwo Update lan jan nou kapab konstate li se #Meta ki lanse : “Channel” sou WhatsApp.

▪️Kisa Channel ye ? Channel la se yon “medium”, yon mwayen pou nou rete konekte ak yon moun oubyen yon gwoup daprè bezwen nou. Li pa twò diferan de channel Telegram te lanse depi 2015.

✔️ Youn nan lòt gwo kou se videyo #HD “user” kapab pataje ant yo menm. “High Definition “ via WhatApp vle di anpil sitou pou moun ki fè montaj ki konn bezwen yon bout videyo bòn kalite byen rapid.

✔️ “Screen Sharing” menm se yon lòt nivo ki kapab ede anpil nan #troubleshooting telefòn pou moun ki nan domènn reparasyon. Gen kèk jou #feature sa deyò men dènye pase men an se sa nèt. Ou kapab fè yon prezantasyon san pwoblèm tou ak feature sa, ki se yon feature “TeamViewer” te vini pou pèmèt teknisyen rezoud pwoblèm a distans.

Pou koulye a pandan map ekri ti tèks sa, WhatsApp pase ak vèsyon :23.18.78, yon #App ki rate a 12M ( 4.7⭐)

Dorvilus F. Baeur

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841