Youn nan ra fwa nan listwa l, sou 5 a 10 dènye lane sa yo, Depatman Sant peyi a fè yon « rekò» nan egzamen 9èm AF ak BAK INIK yo pou lane akademik 2022-2023 a

Nan yon piblikasyon Minis Edikasyon Nasyonal peyi Ayiti a, Nesmy Manigat, fè vandredi 15 sektanm 2023 a kote li prezante 10 premye loreya yo pa depatman, finalman se loreyat depatman Sant lan, JEROME Sherley, ki soti loreyat nasyonal ak 1722/1900 pwen pou yon mwayenn 9.06/10 !

Se te menm ka a pou semèn pase, kote nan yon premye piblikasyon Minis Nesmy Manigat te fè nan dat mèkredi 13 sektanm 2023 a, kote li te prezante ansanm 10 premye loreya yo pa depatman pou rezilta 9èm AF yo, san gwo sipriz, se loreyat depatman Sant lan, Mith-Saina LAMYR, ki te soti loreyat nasyonal ak 1536/1600 pwen pou yon mwayenn 9.60/10 !

Pou rapèl, n ap fè konnen Mith-Saina LAMYR se yon demwazèl ki gen sèlman 13 lane, timoun komin Sèkalasous ki soti nan «Institution les Frères-Unis». Alòske, Sherley JÉRÔME se yon monoparantal ki gen 19 lane, li se moun vil Mibalè, li sòti nan lekòl FERM.

Pou lane akademik 2022-2023 a, mèkredi 26 jiyè pase a, Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl te anonse genyen 118 342 kandida k ap patisipe nan eprèv NS IV yo. Ki donk, se sou patisipasyon 118 342 kandida sa Sherley rive loreya a.

Sherley GÉRÔME 19 lane, loreta nasyonal NS IV pou lane 2023 a

Menm jan, ministè a te anonse 192 146 kandida k ap patisipe nan egzamen 9èm ane yo. Sa ki tradui Mith-Saina rive loreya sou 192 146 kandida ki te patisipe nan egzamen an.

Pi lwen, pou lane 2022 a, se demwazèl Angelica Victoria Pierre ki te soti loreya nasyonal nan egzamen 9èm yo pou Ayiti. Avèk 1548/1600 pwen, Victoria te fè mwayèn 9,68. Li se elèv lekòl FERM ki nan Mibalè Depatman Sant Ayiti.

Yon lòt bò, demwazèl Drocheca LOUIS se loreya pou egzamen bak inik (NS4) nan Depatman Sant peyi a. Avèk 1516/1900 pwen, Drocheka te fè mwayèn 7.97, li se élèv «Sacré -Coeur de Papaye» ki nan vil Ench nan Wo Plato Santral.

Avèk 2 loreya nasyonal sa yo Depatman Sant lan bay pou lane akademik 2022-2023 a, anplis de lòt loreya nasyonal Plato Santral konn bay deja, èske se pa yon nesesite pou responsab yo nan pi wo nivo Ministè Edikasyon Nasyonal ta antame yon pwosesis ki vize jwenn rezon ki pèmèt Aprenan Plato Santral yo rive bay kantite ak kalite pèfòmans sa yo nan egzamen ofisyèl dènye tan sa yo ?

Sérondier LOUISIA, Centre à la UNE

By Sérondier Louisia

Sérondier LOUISIA se yon Ayisyen otantik, yon Inivèsitè ki fè Syans Edikasyon ak Lekòl Nòmal Siperyè, ki etidye Filozofi ak Lèt. Li se Anseyan, Sansè, Jounalis, Chèchè, Enfòmatisyen...