US President Joe Biden addresses the 78th United Nations General Assembly at UN headquarters in New York City on September 19, 2023. - Biden urged the UN on Tuesday to authorize a multinational "security support mission" led by Kenya to deal with gangs in strife-torn Haiti. (Photo by Jim WATSON / AFP)

Prezidan Brezilyen an, Luis Inacio Lula Da Silva ak sekretè  jeneral Nasyonzini an António Guterres, prezante avi pa yo sou sitiyasyon Ayiti a

Prezidan Ameriken an Joe Biden, mande konsèy sekirite Nasyonzini an pou otorize rapid fòs entènasyonal la pou vin ede polis Ayiti a lite kont gang yo. Biden ki te pale madi 18 sektanm 2023 a nan Nasyonzini di pèp Ayisyen pa ka tann ankò. Se menm konsiderasyon an pou prezidan Brezilyen an Luis Inacio Lula Da Silva ak sekretè  jeneral Nasyonzini an António Guterres.

Prezidan Biden salye demach dyalòg CARICOM antame ak aktè politik Ayisyen yo. Menm jan an tou li remèsye prezidan peyi Kenya a William Ruto, li menm ki montre volonte li genyen pou pran tèt fòs miltinasyonal la Ayiti.

Sekretè jeneral Nasyonzini an sou bò pa l te pwofite atire atansyon chèf deta yo ki nan asanble sou dosye Ayiti a, kote depi mwa oktòb pase aktyèl premye Minis lan te ekri ONU pou mande ede Ayiti nan koze sekirite. Sekretè Guterres te pwofite kritike yon mond fragmante, lagè ap taye banda, kote Ayiti pa epanye.

Bò kote prezidan Brezilyen an, Luis Inacio Lula Da Silva, ki te louvri diskou reprezantan chak peyi yo, tankou jan tradiksyon an mande sa,
te pale konsènan konfli ame yo an AYITI, sa li te dekri kòm « yon afwon a ak BON SANS nou kòm moun ». Prezidan Lula raple pa gen okenn solisyon k ap dire nan peyo, depi ansanm aktè yo pa mete aksan sou kesyon dyalòg la.

Prezidan Dominiken an limenm fè konnen li apiye ak tout fòs li deklarasyon Joe Biden fè a sou Ayiti, pandan li di li pa genyen problèm pou Nasyonzini jwe wòl entèmedyè pou dyalòg yo ak Ayiti ak kondisyon pou gouvènman Ayisyen kanpe kanal la avan menm pou yo dyaloge.

Premye Minis Ariel Henry ki ap genyen pou li pran laparòl vandredi sou tribin Nasyonzini an nan Nouyòk genyen ak li: Ricard Pierre Minis planifikasyon, Jean Victor Généus Minis zafè etranje sekretè jeneral Minis yo Richard Alix ak Laurent ST Cyr manb Wo Konsèy Tranzisyon an ( HCT).

Sadrax ULYSSE, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841