Avan 78èm sesyon asanble jeneral Nasyonzini an, Sekretè deta Etazini an Anthony Blinken, diskite ak sekretè jeneral Nasyonzini an Antonio Guterres, sou dosye Ayiti a

Sekretè Deta peyi Etazini Antony Blinken pale Samdi ak Sekretè Jeneral Nasyonzini an, Antonio Guterres, kèk jou sèlman anvan 78èm sesyon Asanble Jeneral Nasyonzini an.

Asanble Jeneral la pral tanmen Madi nan Nouyòk.

Daprè yon nòt pou laprès Depatman Deta voye bay VOA, Blinken ak Guterres diskite sou divès kesyon tankou Inivyativ Sereyal Lanmè Nwa a, lagè Larisi ap mennen nan Ikrèn nan epi ensekirite a an Ayiti.

Responsab yo diskite sou priyorite Etazini yo pou Asanble Jeneral la – pami yo ranfòsman prensip de baz Chat Nasyonzini an ak Deklarasyon Inivèsèl Dwa Moun nan.

Yon lot priyorite Etazini genyen se modènizasyon LONU pou fè fas ak defi 21èm syèk yo epi kijan pou pwoteje anviwonman an.

Etazini oganize kèk rankont pandan semèn asanble a ki va konsantre sou menas medikaman sentetik yo, entelijans atifisyèl epi gwo pwojè enfrastrikti.

VOA Kreyol ap sou plas nan Nouyòk pandan semèn nan pou kouvri tout sa ki gen pou wè ak Ayiti nan Asanble Jeneral Nasyonzini an.

Sadrax ULYSSE, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841