William S. Ruto, prezidan peyi Kenya a ki te rankontre nan 78èm asanble jeneral Nasyonzini an Nouyòk ak prezidan Dominiken an Luis Abinader, di li remèsye asistans sekirite Sendomeng ap bay Nasyonzini pou ede Ayiti. Yo mete yo dakò pou garanti lapè ak stabilite Ayiti nan misyon sekirite Kenya pral dirije a.

Toujou nan kad rankont sila, sou demand prezidan Abinader, prezidan Kenya Wiliam Ruto pran angajman pou li ajoute militè a kote mil (1000) polisye li te deja mete disponib nan fòs miltinasyonal la. Prezidan Ruto pat presize konbyen militè l ap mete adisyonèl akonpaye polisye li yo.

Prezidan Dominiken an Luis Abinader kote pal fè konnen kriz Ayiti a se yon veritab menas pou tout rejyon karayib la.

2 prezidan yo te tou profite siyen yon akò bilateral pou ranfòseman enstitisyonèl Repiblik Dominikèn ak Kenya.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841