Pandan dewoulman 78èm asanble jeneral Nasyonzini an Nouyòk semèn saa, premye Minis Ayisyen an Ariel Henry te profite rankontre ak Premye Minis Kanadyen an Justin Trudeau. Minis zafè etranje Ayiti a Jean Victor Généus te akonpaye PM Ariel, e Melanie Joly ki se Minis zafè etranje Kanada te akonpaye Trudeau.

Panan rankont sila Premye Minis Justin Trudeau anonse Gouvènman Kanada a sanksyone jedi 21 sektanm 2023 a, Antoine Acra, Carl Braun (responsab Unibank) ak Jean Marie Vorbe ki se biznisman epi manb boujwazi Ayiti. Kanada di moun sa yo nan koripsyon epi tou y ap sipòte aktivite gang kriminèl nan peyi a. Anplis de sanksyon yo, Gouvènman Kanada a anonse 80 milyon dola pou ede Ayiti. Li kontinye pou li di peyi li ap toujou ankouraje dyalòg ant Ayisyen yo pou yo ka jwenn yon solisyon nan sitiyasyon difisil peyi a ap fè fas ma.

Premye Minis Ariel Henry sou bò pa li di li vrèman rekonesan pou sipò peyi Kanada toujou bay pèp Ayisyen an e l ap fè tout sa li kapab nan dyalòg pou pote soulajman pou pèp Ayisyen an.

3 manb elit ekonomik sa yo nou sanksyone a se yon menas pou sekirite ak lapè pou peyi Ayiti. Se moun ki nan aktivite kriminèl, koripsyon, sipòte gang. Se sa nou te li nan kominike gouvènman Kanada pibliye jodi a sou sit ofisyèl li.

Pi lwen Minis zafè etranje Kanada a fè konnen sanksyon yo se yon kontribisyon yo kwè ki ka ede Ayiti fas ak twoub ensekirite yo. E yo envite rès manb kominote entènasyonal la pou yo ka suiv menm tras ak gouvènman Kanada a nan dosye sanksyon yo.

De novanm 2022 a jodi a, peyi Kanada deja sanksyone 28 Ayisyen. Nan lis la genyen: politisyen, biznisman ak chèf gang.

By Sadrax Ulysse

Sadrax ULYSSE diplomé en communication journalisme et en sciences du développement. Certifié par: Université laval Canada en développement durable et Université Shangor. Certifié en journalisme par: UNESCO, OIF, Ruters insititut....