Prezidan Kenya William Samoei Ruto, pwononse yon diskou devan 78em Asanble Jeneral Nasyonzuni nan Nouyok, 21 Sektanm 2023 a, kote li touche kriz ensekirite Ayiti el mande konsèy sekirite Nasyonzini an pou aji rapid anfavè fòs miltinasyonal la.

«Kenya pare pou jwe yon wòl enpòtan epi pote kole ak lòt peyi ki gen bonn volonte e ki genyen lyen zanmitay ak Ayiti.»

Lidè Kenyan-an lanse apèl pou Konsèy Sekirite LONU-an pote yon kontribisyon pozitiv bay nasyon Karayib-la, epi apwouve yon rezolisyon, daprè chapit 7 li-a, ki gen pou wè ak misyon konsèy la pou bewzwen spesifik Ayiti ak popilasyon ayisyèn-nan.

«Nou mande Nasyonzuni an tout ijans pou livre yon kad pou deplwaman apui multinasyonal nan kad yon apwòch olistik pou defi Ayiti ap fè fas. Nou lanse apèl bay Konsèy Sekirite a pou l pote kontribisyon pozitif bay apwobasyon li dapre chapit 7 ki otorize yon misyon presi ki konfòm ak bezwen peyi d Ayiti.»

Ruto pale tou de asistans imanite Ayiti bezwen dijans ansanm ak lòt kalite èd ki ka ede l soti nan kriz lap travese yo.

«Nou ta dwe fè pati yon estraji global ki mache ak asistans imanitè pou kore lavi moun nan peyi-a, pote refòm e ankouraje yon pwosesis politik sou lobedyans ayisyen yomenm, yon fason pou oganize eleksyon lib e libè nan yon peryòd tan rezonab.»

Prezidan Kenyan an felisite peyi ki volontye pou pote kontribisyon pa yo nan fòs miltinasyonal la.

«Nou jwenn ankourajman bò kote anpil peyi ki deja pran desizyon pou patisipe nan mouvman solidarite sila-a, sa vled di deplwaman yon fòs miltinasyonal sou teritwa ayisyen-an.»

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon ajans an liy ki bay nouvèl nan tout rakwen peyi Dayiti ak rès Mond lan. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841