Atak gang yo fè ant 22 ak 25 sektanm pase a nan Sodo ak Mibalè Depatman Sant Ayiti fè anviwon 30 mò, 15 blese plis 800 fanmi pati kite kay yo selon yon bilan ofisyèl direksyon proteksyon sivil bay madi 3 oktòb 20223 a.

Nan miz ajou sila proteksyon sivil fè sou atak gang yo nan 2 komin platosantral, yo fè konnen gang yo fè gwo dega materyèl tankou: bandi yo vòlè 14 machin, 10 moto. Yo boule 2 machin polis, yo boule yon komisarya , yo piye yon 20 tèn depo provizyon alimantè, yon famasi piye, 2 biwo mezon transfè sakaje, yon lopital sakaje. Se chif sa yo direksyon proteksyon sivil mete disponib sou atak gang yo.

PIBLISITE PEYE

Pwoteksyon sivil rapousib pou di genyen 800 fanmi ki pati kite kay yo ki ap dòmi nan kèk sit spontane nan depatman an kote moun sa yo bezwen asistans tankou: dlo, manje, kit ijyenik ak sanitè, matla, kouvèti, materyèl travay pou netwayaj ak apui siko-sosyal.

Nap fè remake direksyon proteksyon sivil pa presize si se bandi ki mouri oubyen sivil nan bilan ofisyèl yo mete deyò a.

Sadrax ULYSSE, Centre à la UNE

By Sadrax Ulysse

Sadrax ULYSSE diplomé en communication journalisme et en sciences du développement. Certifié par: Université laval Canada en développement durable et Université Shangor. Certifié en journalisme par: UNESCO, OIF, Ruters insititut....