Sitwayen nan Wanament k ap konstwi kanal Masak la an septanm 2023

Ministè Agrikilti Resous Natirèl ak Devlopman Rial (MARNDR) fè konnen nan yon nòt pou laprès yo rann piblik jedi 21 sektanm 2023 a, yo sezi aprann nan laprès ke Minis Agrikilti
ta pataje ak Gouvenman Dominiken yon dokiman sekrè ki ta bay Prezidan peyi vwazen an rezon sou pozisyon li
pran nan dosye konstriksyon kanal Rivyè Masak la.

Nan nòt silaa, Ministè a ap pote yon demanti a deklarasyon sa ki parèt nan jounal an liy GAZETTE Haiti Jou ki 19 sektanm

  1. Ministè a di: se yon entèvansyon ki chita sou yon move entèpretasyon ansyen anbasadè Edwin Parison fè de yon
    dokiman travay, yon nòt teknik ministè a prepare pou diskisyon entèn.

Toujou selon nòt la, Ministè agrikilti pwofite fè opinyon piblik la konnen li gen pou misyon pou ankadre tout peyizan ak agrikiltè,
epi tou defann enterè sektè agrikòl la. Se poutèt rezon sa. Ministè a toujou kenbe pozisyon pou Ayiti benefisye
san fòs kote resous li pataje ak Repiblik Dominikèn.

Pi lwen Ministè a di li ap pran dispozisyon pou li kontinye akonpaye chantye konstriksyon Kanal la, menm jan Gouvenman an te
mande I nan Deklarasyon jou kite 13 sektanm lan.
Ministè ap raple tout popilasyon an, li gen responsabilite pou travay konstriksyon Kanal la reponn ak nòm
teknik yo, yon fason pou pwoteje lavi moun ak anviwonman.

Yo fini pou di; Ministè a toujou rete disponib pou li chita ak tout sektè ki konsène pou yon pi bon planifikasyon pou chantye
kanal Masak la kontinye ak tout lòt chantye ki gen pou fèt. Ministè a salye detèminasyon, santiman patriotik ak solidarite popilasyon nòdès la.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841