An Ayiti, lapolis arete Joseph Felix Badio jedi 19 oktòb 2023 a nan Big Star Makèt Petyonvil, Badio ki se youn nan sispèk « enpòtan » nan kad asasina ansyen prezidan Jovenel MOÏSE ki te tonbe lakay li Pèleren 5 nan dat 7 jiyè 2021, selon sa yon rapò ankèt DCPJ revele.

Prezime asasen an te nan yon machin Chevrolè koulè nwa ki gen nimewo plak AA-05432, li anrejistre sou non Marie Patricia Jean Gilles. Nan machin nan, fòs lòd yo jwen 6 telefòn epi yon pèmi kondwi sou non Jean Gilles. Komisè polis Petyon-Vil la ki te nan ensètitid sou arestasyon an paske pa t gen pyès dokiman ki te jistifye se te Badio, te vin konnen se prezime asasen an, aprè prezime a li menm ankò konfime se efektivman li menm Joseph Felix Badio.

Ansyen prezidan Jovenel Moïse

Pi lwen, Badio deklare bay fòs lòd yo li pa t janm nan mawon, li rete Delmas 40 B nan kay Papa li ak nan komin Taba tou.

Selon jounalis Roody Sanon, pa t gen moun ak Badio nan makèt “Big stars” alòske pou divès lòt medya, ta gen 3 lòt ak li, men moun sa yo te rive chape poul yo. Kisa DCPJ a kapab di peyi a sou sa ?

Aprè prezime asasen an pase plizyè tan nan komisarya Petyon-Vil la, yo te transfere l bay DCPJ pou suit nesesè. Selon rapò DCPJ te mete deyò, Joseph Félix Badio konsidere kòm sispèk nimewo 1 nan asasina Prezidan Jovenel la. Nan menm rapò sa a, DCPJ di e n ap site: «Nan jou asasina Prezidan an, Badio ak aktyèl Premye Minis Ariel Henry te pale nan telefòn.» Pale pou di kisa ? Yon repons pèsonn pa konn ki kote pye l ak tèt li ye.

De plis, nan kad yon emisyon jounalis Garry Pierre Paul Charles t ap fè ak PM Ariel nan radyo Scoop FM, PM nan te deklare wi li rekonèt Badio trè byen, pa gen moun ki pa konn Badio, men li pa ko wè l fas ak fas. E, pou sa yo akize Badio kòm kwa se li ki motè operasyon lanmò Jovenel la, Ariel Henry di li pa kwè ladan l, paske non sèlman Badio «pa gen kapasite pou sa, men tou li pa gen lajan pou sa.»

Èske arestasyon Badio a ap pèmèt DCPJ rive mete men nan kòlèt lòt prezime konplis asasina sa a ? Sa se kesyon anpil sitwayen Ayisyen kou letranje ap poze nan moman.

Samuel Guillaume, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841