Lapolis nan Beladè arete 4 kolonbyen, plis yon Ayisyen jounen samdi 21 oktòb 2023 a. Ansanm 5 mesye sa yo transfere nan gadavi Mibalè a aswè a, nan sousi pou ajan DCPJ ta vin pran yo, odisyone yo epi ankete sou yo. Selon tout enfòmasyon jounal «Centre à la UNE» dispoze, tout 4 sitwayen Kolonbyen yo ta gen viza Ayisyen sou paspò yo.

Selon yon sous pwòch jounal la, men non konplè 5 mesye yo : Luna Perra Carlos, Anas Parra Wilmar, Luna Perra Bryan, Narvaez Cardena Francky ki se 4 sitwayen Kolonbyen yo ak Félix Pierre ki se non sitwayen Ayisyen an. Yo te nan yon machin ki gen mak «Nissan XTERRA» koulè vèt ki gen plak BB-33500, epi ki anrejistre ak non sitwayen Patrice Paulet.

N ap souliye, selon sa BELLA-INFO pataje ak nou, 5 mesye yo arete aprè yon gwoup jenn gason ak fanm ki, depi lè atak bandi ame te fè sou komin Sodo ak Mibalè a, te bay tèt yo misyon mete barikad sou tout wout Mibalè-Laskawobas-Beladè a, sa ki pèmèt yo kontwole soti ak antre vil sa yo lajounen tankou lannwit.

Se nan kad rezistans ak vijilans sa a jèn sa yo nan komin Beladè, patikilyèman nan lokalite Kafou Roy-Sec rive estope machin sa a ki t ap transfere mesye yo sou fwontyè Beladè a, paske yo t ap antre an Repiblik Dominikèn.

Sou menm baz sa a, nan dat ki te samdi 14 oktòb 2023 a, jounal Centre à la UNE te pibliye tèks sa a: «Soti lendi 25 sektanm pase a, dat bandi Kanaran te anvayi komin Sodo ak Mibalè, pou rive samdi 14 oktòb 2023 a, sou wout Mibalè-Laskawobas-Beladè a, divès jenn ak zam, manchèt, baton, pa janm leve barikad yo. Chofè yo travèse aprè yo fin kesyone epi moutre yon pyès idantite. Pandan Centre à la UNE te an vizit, sitwayen yo deklare yo kanpe dèyè barikad la pou pwoteje vil lakay yo.»

Pou menm kesyon ensekirite a k ap kontinye vale teren an Ayiti e ki mete tout popilasyon an an aktivite, jounalis «Valince Georges» rapòte jedi 19 oktòb 2023 a, atravè divès ajan BLTS, Lapolis nan vil Okay depatman Sid peyi Ayiti te sezi yon ti avyon nan lokalite «Desis», kote fòs lòd yo pa t jwenn okenn moun ladan l.

Li pa yon sekrè pou pyès moun, Ayiti se yon peyi ki lage 2 bra balanse nan prèske tout nivo. Sou plan sekiritè, se enkyetid toupatou nan popilasyon an. Pou anpil sitwayen, 2 nan mwayen ki papab favorize yon solisyon ak ensekirite jeneralize sa a, se fenomèn «BWA KALE» a, kote popilasyon melanje ak fòs lòd yo pou chache bandi, boule yo, pa fwa rache yo tou, ak «BARIKAD» yo ki dwe moute pi wo chak jou plis.

Sérondier LOUISIA, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon ajans an liy ki bay nouvèl nan tout rakwen peyi Dayiti ak rès Mond lan. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841