Gaza

Depi Hamas fin atake Israel 7 oktòb pase a, divès evènman pa sispann atire atansyon mond lan sou teritwa sa yo nan zòn Mwayen-Oryan an

Bande de Gaza (Qita Ghazza) se yon bout tè ki gen pou sipèfisi 345 km² . Li etann li sou yon longè 40 km ak lanmè Mediterane a. Gaza pataje 51 km fwontyè tèrès ak Izrayèl nan Nò ak Lès. Nan Sid, genyen yon liy fwontyè ki evalye a 11 km avèk peyi Ejip.

Bande de Gaza klase kòm teritwa ki gen dansite li pi wo nan mond lan avèk yon mwayèn 3945,4 moun nan chak km².

Klima Bande de Gaza sèk, sa ki kòz li fè cho anpil. Dlo ki alimante Gaza yo pran nesans yo nan rejyon Ebron ak Néguev, e se ak dlo sa yo  yo rive fè kilti pye bwa ak lòt kilti marechè.

Deblozay nan Gaza an Palestine nan mwa oktòb 2023

N ap raple, maten samdi ki te 7 oktòb 2023 a, gwoup Hamas ki se yon òganizasyon politik, relijyez epi militè ki kreye depi 1987, frape Izrayèl ak plizyè misil, kote sou plas, pou piti 20 izraelyen pèdi lavi yo ak plis pase 200 lòt blese grav. Se sa minis defans peyi a anonse. Paralèlman, selon ministè sante Hamas, te genyen 198 palestinyen ki mouri nan vil Gaza menm moman an.

Soti 7 oktòb ki make debi gè a pou rive lendi 23 oktòb 2023 a, selon ministè sante Hamas, yo deja anrejistre 5,087 Palestinyen ki mouri, pami yo 2,055 timoun epi 15,273 lòt blese grav. Yon lòt bò, deja genyen 1,400 mò nan kan Izrayelyen yo, 100 lòt disparèt epi 212 toujou rete annotaj anba men gwoup Hamas la, selon pòt pawòl lame izraelyèn nan.

Florince FRAGILE / Sérondier LOUISIA, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon ajans an liy ki bay nouvèl nan tout rakwen peyi Dayiti ak rès Mond lan. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841