Nan fen ane 1960 yo, sosyete frè Mizilman yo ki te etabli kò li nan «Band Gaza» a pral batize mouvman sa a de rezistans Islamik, ki gen pou akwonim arab «Hamas». Fondatè prensipal la, Ahamas lan Cheikh Ahmed Yassin, te resevwa fòmasyon nan peyi Lejip.

Pita, Yassin te deside kreye yon kantite rezo Moske, asosyasyon karitativ ak lekòl pandan yon 20tèn ane pou veyikile pi byen e pi rapid mouvman politik Islamik la.

Ofisyèlman, se nan lane 1987 fòs Hamas la vin operasyonèl. Nan sa yo rele «ak Konstktitif Hamas» la, yo konsidere tè Palestine nan kòm yon tèritwa Islamik.

Youn nan pi gwo misyon Gwoup Hamas la se detrui Leta Izrayelyen an e rive tabli yon Leta Islamik-Palestinyen.

Si yon kote Etazini, Lafrans, Linyon Ewopeyèn, Kanada, GrandBretay, Ostrali, Ejip ak Japon konsidere Hamas kòm yon gwoup teworis… Lachin, Nòvèj ak lòt peyi Arabo-Mizilman, yon lòt kote, pa deklare ouvètman Hamas pa yon gwoup teyoris.

Òganizasyon Hamas la gen yon branch politik, yon branch militè ak yon branch relijye. Chèf k ap dirije branch lame a rele Mohammed Deïf’ ki se youn nan manm fondatè mouvman sa a ki gen anviwon 20.000 sòlda.

Sou plan politik, Hamas konsidere kòm yon fòs politik dominan k ap layite kò l nan tout Gaza a.

Gè ant Izrayèl ak Palestine nan pran yon dimansyon plis elve se depi nan lane 2008, alòske Palestine pa gen ase mwayen pou defann tèt li.

Pou kèk analis, se depi lane 1987 kèk peyi tankou Arabi Saoudit ak Lasiri ap soutni mouvman an. Pou kounye a, peyi Kata ak Iran sanse pote èd yo pou sipòte mouvman an sou plan finansye, nan ba yo materyèl ak nan antrenman, kote se Ismaïl Haniyeh k ap dirije Biwo politik la depi 2017.

Hamas okipe pouvwa politik sou «Bande de Gaza» depi nan lane 2007, aprè li te fin ranpòte eleksyon lejislati yo nan lane 2006.

Depi aprè «Guerre du Golf» la, Hamas vin gwoup ak mouvman ki pi aktif nan Palestine, menm andedan Izrayèl tou.

Nan lane 2004, Chèf istorik mouvman Hamas la ki se Ahmed Yassine, te predi nan pwofesi li di li jwenn nan Liv «Coran» pral gen anpil dezas nan kan Juif (Isralyen) yo e lane 2027 kapab make fen Leta Izrayelyen an. Poutan, yon ti tan aprè, swa 22 mas 2004, Lame Izrayèl (Tsahal) ta pral tiye Ahmed nan yon atak sible.

Kèk evenman enpòtan nan listwa gwoup Hamas la.

15 jwen 2014, Tsahal (lame Izrayèl ) arete plis pase 100 manm responsab Hamas nan Cisjordanie. An 2014, Hamas kidnape epi touye 3 adolesan Izrayelyen. Pandan gè Gaza an 2014, plizyè chèf Hamas mouri nan frap lame Tsahal la

Nan dat 06 me 2017, Ismaël Haniyeh eli nan tèt Hamas.

Nan dat 12 oktòb 2017, «Hamas ak Fath» siyen yon akò rekonsilyasyon pou pèmèt yo travay ansanm kont antrepriz Syonis yo.

Nan lane 1993, mouvman Hamas la pran chè avèk pwojè akò «Oslo» a, e depi lè sa a gwoup sa a tanzantan ap mennen kèk operasyon kont sivil Izrayelyen yo k ap viv sou Band Gaza a.

Nan dat 07 oktob 2023, Hamas lanse yon atak kont Izrayèl, sa ki ta pral koze plizyè santèn moun pèdi lavi yo ak divès lòt soti blese.

Nan lane 2008, Izrayèl ak Ejip deside fèmen fwontyè yo ak Band Gaza, desizyon sa a ta pral deklanche premye gè ant Izrayèl ak Gaza. Gè sa a ki kontinye 2012, 2014, 2021, ki konduit jiska 2023 la a.

Kisa Hamas vle fè ak Izrayèl ?

Selon prensip «ak konstititif Hamas» la, yo pa rekonèt Izrayèl kòm yon Leta, dayè pou yo, teritwa Palestine nan se peyi Bondye bay Mizilman yo e Mizilman yo dwe angaje yo nan batay Jihad la ( Guerre Sainte) kont tout enmi k ap vòlè tè Islam yo.

Depi nan kòmansman ane 2023 a tòchon ant Izrayèl ak Hamas la te tanmen boule, finalman gè a eklate san zatann e koze dega ki plis pase sa ki pase pandan anviwon 20 lane nan zòn Mwayen-Oryan an.

Fragile Florince, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon ajans an liy ki bay nouvèl nan tout rakwen peyi Dayiti ak rès Mond lan. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841