Divès evenman k ap pase la a anba je tout sitwayen, pa sispann sekwe bil jistis la nan pakè Mibalè a

Nan yon piblikasyon yo fè jounen jedi 26 oktòb 2023 a, responsab yo nan PNH anonse yo arete Dadou NICOLAS ak James LAURENT (ki de 2 Avoka nan Bawo Mibalè) paske yo ta patisipe nan bay «fo viza Ameriken, asosiyasyon malfektè, fwod, elatriye.» Aprè yon seyans odyans an prezans avoka 2 mesyo yo sou zak sa yo, fòs lòd yo nan DCPJ plase yo nan Gadavi pou pwosedi legal yo.

Pa twò lontan, swa dimanch ki te 22 oktòb 2023, Polis Nasyonal Ayiti te pibliye yo arete 3 avoka Joseph Felix Badio ak 2 lòt moun ki antre nan youn nan kay Badio yo ki sitiye nan Fermathe nan Pòtoprens. Avoka yo se Eddyson Alexandre, Marckenson Jean-Charles, Jeppson Limage. Se te ak anpil etonman lè sosyete a ta pral aprann tout Avoka sa yo se manm Bawo Mibalè a. Pou PNH, Avoka yo te vin pran telefòn ak laptòp Badio.

Nan menm pakè Mibalè a, nan dat ki te lendi 23 oktòb 2023 a, nan yon rapò komisè gouvènman a-i pakè Mibalè a, Me Gabriel FLEURY te voye bay Minis Jistis ak Sekirite Piblik Ayiti a, madam Emmelie PROPHÈTE-MILCÉ, komisè a te mande minis la pou li pa pran an konsiderasyon yon «plent» batonye lòd Avoka yo nan Mibalè, Mèt Jorel LUBIN ak divès lòt Avoka depoze nan ministè a kont li.

Komisè a kontinye nan nòt la pou fè konnen anpil nan sitwayen sa yo ki ta pote plent kont li yo, se yon ansanm volè, kowonpi ki te nan tèt pakè Mibalè kòm paketye nan yon peryòd ki te revoke pou move zafè. Genyen lòt lajistis ap pousuiv pou izaj de fo.

Komisè a te site Mèt Joël Lubin li di ki proklame tèt li kòm batonye, ki te sibtiti komisè gouvènman e ki te revoke pou fwod elektoral, ki boure bawo a ak yon pakèt fo avoka. Li di Mèt Jean Smith Louis ki se konseye bawo a, li menm tou te sibtiti komisè gouvènman, yo te revoke l pou koripsyon, li te konn abitye pran lajan anba tab pou libere kriminèl. Pou Mèt Anel Dorzin, konseye bawo a, komisè Fleury te di lajistis ap pousuiv li pou izaj de fo nan zafè Mèt Palvin Phizéma.

Nan dat 29 jwen 2023, Mèt Hilaire Pauleston te site komisè gouvènman Pakè Mibalè a, Mèt Gabriel FLEURY, nan tribinal koreksyonèl pou «abi dotorite ak sekestrasyon.» Odyans sa a ki te prevwa pou madi 04 jiyè 2023 a vè 10 zè nan maten, pa t rive fèt puiske komisè gouvènman an pa t mete pye.

Nan dat ki te 05 fevriye 2022, jounal «Centre à la UNE» te reyalize yon repòtaj odyovizyèl sou ansanm deriv, eskandal ak koripsyon ki pa t sispann taye banda nan pakè Mibalè a. Men lyen ou ka pase vizite repòtaj la : https://fb.watch/nWyY3bcUIV/?mibextid=Nif5oz

Se nan tout ti kwen ou pa sispann tande sitwayen yo k ap plenyen sou nivo degradasyon pakè Mibalè a, sa ki lye dirèkteman ak move jesyon responsab yo, sa ki lakòz an konsekans jistifyab yo pa sispann soufri, yo pa jwenn jistis. Tanto se batay pou pouvwa, tanto se pou gwo chabrak, e nan jou sa yo divès Avoka ki fè pati bawo Mibalè tonbe anba sanksyon lalwa nan DCPJ. Finalman, si lajistis ap tonbe anba sanksyon lapolis pou koripsyon, ki kote «etik pwofesyonèl» la pase?

Sérondier LOUISIA, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon ajans an liy ki bay nouvèl nan tout rakwen peyi Dayiti ak rès Mond lan. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841