Jounen mèkredi 29 novanm 2023 a, Kongrè Etazini an mande pou administrasyon Joe Biden nan pa bay nasyonalite Amerikèn ak migran san papye yo.

Senatè repibliken an Thom Tillis deklare li p ap diskite sou sekirite sou fontyè a si DACA vle bay aksè ak migran san papye pou jwenn nasyonalite Amerikèn. Alòs, li anonse tou, Pati repibliken an gen pou depoze yon pwojè lwa ki eskli san papye yo.

Thom Tillis, manm gwoup bipati Senatè yo di tou li pa opòten pou diskite sou refòm sou imigrasyon pou ede san papye yo. Selon Tillis plan bipati yo a konsantre sou: modifikasyon règ azil ak limitasyon lòt pwoteksyon yo tankou liberasyon kondisyonèl. Alòske, se diferan, pou pati Congressional Hispanic Caucus( CHC) ki opoze ak tout refòm ki prevwa modifye règ azil yo.

Yon lòt kote, senatè repibliken yo anonse y ap prezante pwojè lwa sou migrasyon yo nan Mwa Desanm sa pandan yo tou pwofite mande lokatè Kay Blach lan bidjè pou Ikrèn, Israyèl ak Taywan.

Washington Florvil, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841