Prezidan demokrat la Joe Biden, lanse yon defi bay ansyen prezidan repibliken an Donald Trump 15 me 2024 la pou yo fè 2 deba prezidansyèl televize nan mwa jen ak sektanm. Trump bò kote pa l rapidman aksepte defi a.

Sepandan, Biden te evite patisipe nan 3 deba komisyon “bipatit”(ki reyini manm 2 pati yo) deba elektoral la , kote li te prefere pito 2 afwontman san piblik medya yo te ka òganize Biden te di nan yon videyo sou X, «Donald Trump te pèdi 2 deba devan m an 2020. Depi lè sa a, li pa janm patisipe nan youn nan deba yo. Kounya l ap aji tankou li vle fè deba avè m ankò. Mwen pral fè deba ak li 2 fwa.»

Biden pase Trump nan rizib parapò ak pwosè kriminèl otorite Nouyòk yo ap mennen kont li, kote jijman yo pran yon poz jodi mèkredi a, e li ajoute: «Se konsa, ann chwazi dat Donald. Mwen tande ou lib Mèkredi.

Trump ki dakò fè deba ak Biden, di li pare pou l fè lòbèy. Donald Trump aksepte defi Prezidan Joe Biden nan mèkredi pou l debat 2 fwa anvan eleksyon novanm nan.»Mwen pare,» Donald Trump te ekri sou rezo Sosyal Truth Social li a: «Ann al Twoke kòn nou», selon VOA.

Sadrax ULYSSE, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon ajans an liy ki bay nouvèl nan tout rakwen peyi Dayiti ak rès Mond lan. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841