Se jounen Lendi 3 Me 2024 la, premye minis Garry Conille resevwa anpilasyon li nan vila dakèy.

Se prezidan Edgard Leblanc Fils ki pran la pawòl nan non manm konsèy yo pou prezante nouvo premye minis lan yon tablo sonb de sitiyasyon kritik peyi a epi swete li mete li o travay pou bay repons ak problèm yo.

Premye Minis Garry Conille ki pat gen diskou prepare, nan mwens ke yon minit di li te vrèman kontan enèji konsèy la degaje pou reyisit tranzisyon an, sitou prezidan Edgard Leblanc Fils li te fè bèl elòj pou li. PM nan di problèm yo anpil pa gen tan nan sans sa a yo prale rapid o travay.

Avan seremoni an Doktè Conille te chita pale ak manm konsèy prezidansyèl yo pou diskite sou pwofil ak fòmasyon gouvènman an.

Selon enfòmasyon ki disponib yo, KP a deja transmèt Premye Minis la dokiman ki bay detay sou pwofil moun ki dwe vin fè pati kabinè ministeryèl la. Selon antant ki jwenn yo, premye minis lan ap gen pou chwazi lis minis yo an konsiltasyon aprè pou li voye li bay konsèy prezidansyèl la li menm ki pral analize elijibilite minis yo.

Selon enfòmasyon nou dispoze premye minis Garry Conille deja kontakte divès sektè ki genyen reprezantan yo nan konsèy la sou chwa minis yo.

N ap raple, Premye Minis Garry Conille te vizite divès zòn anba lavil la nan yon machin blende akonpaye DG polis la Frantz Elbé, sendika polis la kritike pou movès jesyon li nan tèt polis la. Te genyen tou divès ajan polis espesyalize nan vizit sa a. Premye minis lan te tou profite vizite lise jèn fi, yon abri provizwa ki abite moun ki kouri kite kay yo pou bandi yo.

Sadrax ULYSSE, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon ajans an liy ki bay nouvèl nan tout rakwen peyi Dayiti ak rès Mond lan. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841