Divès manm «Collectif des organisations Sociales pour le Renouveau de L’Artibonite (COSRA), nan yon rankont ak laprès wikenn sa a fè konnen yo pran «ak» de chwa ak enstalasyon Doktè Garry Conille ki vin chèf CSPN nan.

Aprè plizyè jou diskisyon pou fè chwa Yon Premye Minis pou vin dirije tranzisyon peyi dayiti a Pou vin rezoud Kriz plizyè tèt peyi dayiti ap konnen depi plizyè lane ,finalman konsèy prezidansyèl Tranzisyon an rive fè chwa Ansyen Premye Minis sou gouvènman Michel Joseph Martelly a Doktè Garry Conille kòm Premye Minis.depi lèsa divès òganizasyon, sosyal ak Politik prèske nan 4 kwen peyi a soti nan Silans yo pou di yo salye chwa konsèy prezidansyèl Tranzisyon an pran pou dote peyi a ak Yon chef gouvènman an.

M Guermann Auguste,vis Prezidan Collectif des Organisations SOCIALES pour le Renouveau de L’Artibonite (COSRA Anfransè) fè konnen,18 me pase a estrikti sosyal ak politik COSRA te òganize yon konferans ak plizyè dizèn jèn nan diferan sektè sou enpòtans inivèsite a genyen nan devlope yon sosyete. M. Guerman.

Pi lwen, li deklare nan devlopman genyen aks ki vrèman enpotan ki paka pa touche ese pou rezon sa li di yo p ap rete nan silans yo men yo vle travay sepandan yo gen mo pa yo nan sa ki konsène devlopman sitou nan depatman Latibonit ki se dezyèm depatman ki gen plis sipèfisi an tèm popilasyon aprè Lwès. M. Auguste di jounen samedi 01 juin an te vrèman enpòtan pou yo te kapab pale ak popilasyon an de pèspektiv yo genyen nan jou k ap vini yo.

Sou bò pa l, Pwofèsè Cily Lefort ki se responsab Relasyon Piblik ak responsab Pwogram nan Collectif des organisations sociales pour le Renouveau de L’Artibonite deklare,yo poko ka felisite chwa Doktè Garry Conille nan, se daprè sal fè pou mete peyi a sou Ray li pou kòmanse pèmèt popilasyon ayisyèn vakye ak okipasyon yo aprè 90 jou se lè sa y ap felisite lokatè primati a.

Pwofèsè Lefort pilwen fè konnen nan nouvo gouvènman sa Premye Minis Conille nan yon mesaj li drese ak nasyon an fè konnen jèn yo priyorite nan gouvènman lan .cosra swete Pm Conille :
1- chwazi Jèn ki konpetan, ki pat nan kòripsyon pou mete nan gouvènman an
Paske Gen anpil Jèn ki konpetan k ap fè kou nan inivèsite piblik nan rejyon yo men yo pa medyalize, majorite nan yo se moun serye kotel dwe demake nou de Jèn Dyaspora ak ansyen manm klas politik la ki toujou nan tout gouvènman ki pa janm bay rezilta ak pèp ayisyèn nan kap benyen nan tout kalite pwoblèm.

Enstalasyon pm Harry Conille lendi 4 jwen 2024

M. Lefort di kontinye poul di Fòk pm nan fè tout efò pou yo pa rantre nan yon batay entèjerasyonèl kote ke yo dwe mete yon komisyon sou pye nan objektif pou dedomaje epi relokalize tout moun ki te pèdi kay yo akoz vyolans gang ame yo epi
dezame ak reyensere jèn Fanm ak Jèn Gason ki gen gwo zam ilegal nan men yo.

Pou sak konsène Depatman latibonit kise grenye peyi a ki ka bay tout peyi a manje bandi kontwole depi 2 lane, Cily Lefort di Gouvènman dwe travay rapid vit pou etabli yon klima lapè pou pèmèt peyizan /plantè yo nan ba an nan wo Latibonit retounen travay tè yo rapid apati mwa jiyè kap vini la pou divès kalite manje kapab pwodwi pou vann sou mache lokal ak Nasyonal la.

Ak yon plan ijans ki pou mete pou vil Gonayiv nan lide pou rezoud pwoblèm elektrisite a, pwoblèm pò Gonayiv yo ki dwe reyamenaje epi relouvri ak rezoud pwoblèm fatra nan vil Gonayiv poun ka genyen yon vil pwòp ,chaje kouran pou konsèy prezidansyèl Tranzisyon an ak chef gouvènman ak tout Minis yo ka vini Gonayiv 1er janvye 2025 k ap vini la pou lavi ka kòmanse reprann nan site ENDEPANDANS LAN san konte
Pwoblèm dlo a ki dwe rezoud nan komin An-wouj.

Pwofèsè Lefort di Si tout fwa sa yo di yo fèt nan 90 COSRA ap kòmanse fèlisite PM nan ak konsèy prezidansyèl Tranzisyon an (KPT Anfransè) pandanl mande ak KPT pou fè anpil atansyon pou pa entegre politisyen tradisyonèl rat do kale,kraze peyi yo nan gouvènman ki deja mete peyi nan twou san fon sa a. Poze l kesyon si yo ta jwenn yon apèl nan nivo COSRA pou ta entegre nan gouvènman an, èske yo prè pou pati gouvènman an.

Devlòpmantis Lefort di yo menm kòm oganizasyon kap batay pou chanjman andedan peyi a espesyalman nan depatman Latibonit yo prè pou bay konsèy ki posib ak nenpot moun ki entèg kita vle entegre nan gouvènman paske depi gen rezilta ki pa bay lap bon pou yo kap rive rive soti Latibonit nan sitiyasyon kritik li ye jounen jodia.

Responsab fòmasyon CNSCA te pwofite okazyon an pou pale de mango moun Gwomòn ak Labranl peyi etazini pa achte yo kap gaspiye kote pa gen moun ki janm di anyen sou desizyon sa san konte sel answouj la ki se yon richès pou moun Answjouj ki pa ka vann ak vil Gonayiv kap pèdi valè l kote okenn moun pa di anyen sou richès sa yo. Ki donk, M. Lefort di depi yo ta jwenn yon moun ki konsilte yo pou bay lide yo nan cosra, yo prè pou bay moun sa tout yo menm ak moun sa poul ka avanse nan administrasyon Piblik la.

Pou sak konsène jounen mondyal anvironnman 5 juin kap vini,ciliy Lefort fè konnen komisyon COSRA kap reflechi sou anvironman envite pa yon lot estrikti sosyal pou al patisipe nan konferans nan kad mobilizasyon kap fèt sou anvironnman kap fèt nan lokal alyans Fransez gonayiv la pou poze pwoblèm yo paske vil Gonayiv se yon vil ki chaje ak pwoblèm nenpit lapli ki tonbe vil la inonde koz kanal ak dren yo chaje ak fatra mete sou tèt mòn yo anyen pa rive fèt pou kenbe dlo yo nan nivo basen vèsan yo.nan sans sa fok genyen dyalog ki pou fèt pou di men ki aksyon ki dwe poze pou kòmanse rezoud pwoblèm anvironnman an katriyèm vil peyi a ap konnen yo.

N ap fè konnen, Collectif des Organisations Sociales pour le Renouveau de L’Artibonite (COSRA) se Yon òganizasyon Abi non likratif ki gen objektif travay ak tout òganizasyon yo nan depatman Latibonit nan ankadre yo ak fòmasyon sou divès tematik pou konsyantize popilasyon an Yon fason pou remete depatman Latibonit sou Ray Devlòpman an.

Israël CEDIEU Gonayiv, Centre a la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon ajans an liy ki bay nouvèl nan tout rakwen peyi Dayiti ak rès Mond lan. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841