Aprè bandi ame fin anvayi Solino dimanch 20 oktòb 2024 sa a, polis nasyonal Ayiti anonse aswè dimanch lan yon enpòtan deplwaman ajan PNH ak MSSMHaiti fèt nan katye Solino a. Responsab yo deklare PNH la detèmine anpil pou li pouswiv bandi yo sou tout teritwa nasyonal la.

Lapolis rapòte tou pandan men jounen an nan site Doudoune Pòtoprens, anviwon 10 bandi mouri nan chanje kout bal ak lapolis, yon fizi daso ki gen seri Kalachnikov ak lòt materyèl sezi. Selon PNH ki pibliye enfòmasyon an dimanch 20 oktòb 2024 la, se UDMO Lwès II ki mennen operasyon sa a.

Depi 17 oktòb katouch ap fè kenken nan katye Solino kote nèg ak zam t ap chache anvayi zòn nan.

Gwo kout zam ki rezonnen jis nan katye tou prè yo, tankou Chris-Roi, Lalue, Turgeau e latriye, fòse plizyè abitan kouri kite Solino pou chape pou l yo.

Nan lide pou pote popilasyon an sekou, PNH la ak fòs miltinasyonal la mennen yon operasyon gwo ponyèt nan katye popilè a.

Selon sa sèvis kominikasyon PNH la fè konnen, fòs lòd yo « repouse malfra yo » epi pran kontwòl plizyè katye nan anviwon an.

Zòn « Saint-Michel, Paul Lauchard, Sylvio Cator, Anglade, koridò Bastia » anba kontwòl la polis, selon kominike PNH la.

Pi lwen, lapolis fè konne y ap kontinye operasyon yo pou rive kwape bandi yo.

Yon lòt pa Premye minis Ayisyen an, Conille Garry, anonse li siyen dimanch sa a lèt nominasyon plis pase 700 nouvo polisye ki pral rejwenn ansyen ajan yo k ap lite kont ensekirite Ayiti ap fè fas la. Mouche Conille di li te gen yon echanj ak kò elit ki te mennen operasyon Pènye jou pase yo.

Pou fini, lapolis renouvle angajman l pou kontinye goumen kont bandi epi retabli lòd nan peyi a.

Sadrax ULYSSE, Centre à la UNE !

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841