Prensipal Konseye Adjwen Sekirite Nasyonal Lamezonblanch la, Jon Finer debake ak yon delegasyon wo nivo nan Potoprens 16 Oktòb 2024 la, pou rankontre responsab wo plase Ayisyen yo ak lidèship Misyon Sipò Sekirite Miltinasyonal la, MSS, daprè yon nòt pou laprès Lamezonblanch.

Delegasyon amerikèn wo nivo sila, ki te genyen 6 manm ladanl te debake an Ayiti vè 9è nan maten, delegasyon sa ki te genyen ladanl konseye prensipal adjwen sekirite nasyonal ameriken an, Jon Finer, asistan espesyal emisfè oksidantal la, Dan Erikson, sekretè adjwen emisfè oksidantal Brian Nichols, Anbasadè ameriken an Dennis Hankins, Delegasyon ameriken an di konfli ki egziste an Konsèy prezidansyèl la avèk Premye minis Garry Conille a se bagay jwèt timoun, responsab ameriken an pran swen ankò pou raple manm konsèy prezidansyèl la misyon yo, se pou yo konsantre yo sou pwoblèm peyi a pito.

Delegasyon amerikèn nan eskprime soutyen yo bay Minis Dominique Dupuy, responsab ameriken yo te pwofite rankontre separeman ak manm konsèy prezidansyèl yo aprè yo chita pale ak premye minis Garry Conille ak Minis Dominique Dupuy epi chèf lapolis la, avèk responsab fòs miltinasyona.

Yo fè konnen Finer te vwayaje ak yon delegasyon responsab wo plase Depatman d Eta, Depatman Defans, Ajans Ameriken pou Devlopman Entènasyonal, USAID, epi Konsèy Nasyonal Sekirite a.

Daprè kominike a, pandan rankont separe ak manm Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon ak ak Premye Minis Garry Conille, Finer te prezante kondoleyans li pou « lanmò trajik inosan nan masak gang yo fè nan Pont-Sonde. » Finer reitere tou, dapre Lamezonblanch, angajman Etazini vizavi jefò Ayisyen ap dirije pou retabli sekirite epi pare chemen an pou eleksyon lib e onèt.

Finer felisite KPT a tou pou tranzisyon ki mete Leslie Voltaire kom prezidan 7 Oktòb pase a. Responsab Ameriken an fè remake fòk otorite Ayisyen yo kontinye mete enterè peyi a devan enterè pèsonèl yo epi respekte pwomès yo te fè pou travay pou tout Ayisyen.

Nan rankont li ak lidè MSS ak PNH, Finer te souliyen « angajman Etazini kontinye pran pou chache sipo entènasyonal epi dispoze zouti ki nesesè pou retabli sekirite ak yon eta de dwa an Ayiti. »

Etazini se pi gwo kontribitè resous MSS la bezwen, jiskaprezan.

Nap raple gouvènman Ayisyen an ki te mande Konsèy Sekirite Nasyonzuni an pou l otorize yon fos mentyen lapè LONU pou pran la relèv lè li apwopriye pou fè sa. Finer rasire otorite Ayisyen yo Etazini apiye tranzisyon sa a.

Lèzetazini rete kom pi gwo kontribitè asistans imanitè pou Ayiti, ke li distribye atravè LONU ak ONG yo.

Sadrax ULYSSE, Centre à la UNE !

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841