Ak bourad lajan USAID epi Miyamoto, proteksyon sivil Ayiti òganize nan vil Okap 2 jounen fòmasyon pou jounalis nan rejyon gran Nò peyi ( Nò, Nòdès, Nòdwès, Latibonit ak Sant sou kominikasyon nan peryòd ijans. Fòmasyon sila dewoule soti Mèkredi 14 pou rive Jedi 15 Oktòb 2024.

Mesye Emmanuel PIERRE ki se Direktè jeneral proteksyon sivil fè konnen se yon projè yo te genyen lontan pou te ranfòse kapasite jounalis yo nan peyi a anplis, kontinye devlope bonjan relasyon ant proteksyon sivil ak laprès men ki t ap soufri akoz problèm finansman. Li di objektif Sila ap vanse nan bon direksyon ak gran pa gras ak MIYAMOTO/ USAID. Li fini pou mande jounalis yo kontinye pote kole ak proteksyon sivil nan sousi pou proteje vi ak byen nan peyi a.

Reprezantan MIYAMOTO Ayiti a Guilaine Victor, bò kote pa li te montre admirasyon li pou travay jounalis yo ki ap fonksyone nan yon kondisyon difisil, kwè media ak jounalis yo se yon gwo fòs ke pèsòn moun pa dwe neglije sou pyès prektès paske yo ka ede peyi a soti nan eta lamantab li trouve li a.

Fòmasyon sila ki te reyini Anviwon yon 50 tèn jounalis, ki te repati an 2 group reyalize nan yon anbyans fratènèl ak pataj, te genyen kòm fasilitatè jounalis karyè Romel PIERRE, Milot Milford plis Jeanteau Louis ki se yon kad nan Inite Idrometeoyoloji Ayiti.

Te genyen modil sou: jesyon risk ak dezas epi sou fonksyon proteksyon sivil Ayiti, mobilizasyon enstisyonèl ak pèsonèl, jesyon alèt, verifikasyon enfòmasyon ak jesyon rimè…

Nan vwa Exil Zacharie jounalis benefisyè yo pat kache kontantman yo pou inityativ sila, yo jije ki genyen anpil valè pou yo kòm profesyonèl te profite mande MIYATOMO Kontinye sipòte proteksyon sivil pou seri fòmasyon sila yon kontinye.

Sadrax ULYSSE, Centre à la UNE !

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841