Nan Solino, Ponsonde, Akayè… anpil sitwayen oblije mare pakèt yo pou yo kite zòn yo akoz atak nèg ak zam.

Kantite sitwayen k ap kouri akoz vyolans yo ogmante de 22% selon sa chef Biwo entegre Nasyonzini an Ayiti (BINUH) an fè konnen.

Maria Isabel Salvador ki te pran lapawòl nan reyinyon konsèy sekirite Nasyonzini an, ayè madi 22 oktòb la, eksplike sitiyason an pa amelyore nan peyi a, malgre prezans fòs miltinasyonal lan.

Pou chèf BINUH an, deplwaman misyon miltinasyona la, se yon bon bagay, men sa pa sifi pou rezoud pwoblèm yo.

Maria Isabel Salvador deklare misyon miltinasyonal la pa jwenn « ase finansman », malgre tout pwomès lajan ak asirans otorite konsène yo te bay.

« Chemen an chaje pikan. Men BINUH ak patnè l yo ap kontinye bay sipò l » selon sa chèf BINUH an deklare

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841