Nasyonzuni fè konnen Sekretè Jeneral Antonio Guterres rankontre nan vil Cali, nan peyi Kolonbi, Prezidan Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon Ayiti a, Leslie Voltaire Madi 29 Oktòb 2024 la.

Dapre LONU, Guterres ak Voltaire diskite sou bezwen ki egziste pou pouse pou pi devan ak tranzisyon politik la pou eleksyon ka dewoule an Ayiti.

Sekretè Jeneral la lanse apèl bay pati prenant Ayisyen yo tou pou yo mete diferans yo sou kote epi travay ansanm pou lapè ak sekirite Ayiti.

Yon lòt pa CARICOM fè konnen jodi a li vrèman preyokipe de divèjans ki genyen ant prezidan Leslie Voletaire ak PM Conille Garry. Yo di divizyon sila mete an danje prosesis tranzisyon an. Yo mande 2 kan yo pou konsantre yo sou vrè misyon yo pou ede popilasyon an ki ap soufri.

Sadrax ULYSSE, Centre à la UNE !

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841