Sant lan fè konnen, Ayiti pami peyi Sendomeng vann plis machandiz. Pou 9 premye mwa ane 2024 la sèlman, Repiblik Domininikèn fè 660,1 milyon dola nan pwodui li ekspòte an Ayiti
Mayo ki fèt ak koton vann tankou pato cho, selon sa Diaro Libre rapòte.
Nan koze mayo sèlman, Sendomeng antre 74.7 milyon dola ameriken.
Nan tranzaksyon li ak Ayiti, Sendomeng fè plis pase 37 milyon dola nan vann Ayiti siman. Li antre 32.3 milyon nan farin.
Malgre tansyon ki genyen ant 2 peyi yo, pwodui dominiken yo kontinye ap taye banda yo an Ayiti e kontinye rapòte Sendomeng plizyè santèn milyon dola vèt.

Malgre gwo rantabilte ekonomik Sendomeng sou Ayiti, nan yon konferans pou laprès, Prezidan Luis Abinader fè konnen, fwontyè ayeryen ant Ayiti ak Repiblik Domininikèn ap rete fèmen jiskaske sitiyason yo amelyore an Ayiti.
Depi 5 mas 2024, espas ayeryen ant Ayiti ak Repiblik Domininikèn fémen apre konsèy avyasyon sivil dominiken de sispann tout vòl ant 2 peyi yo ki pataje menm zile a.
Vyolans gang yo nan Pòtoprens ak vil pwovens yo pa ranje sitiyason an.
Ayiti ap fè fas ak yon ensekirite san parèy, kote gang yo okipe plis pase 80% nan kapital la Pòtoprens.
Selon OIM, plis pase 700 mil moun kouri kite zòn yo akoz atak gwoup nèg ak zam k ap fè e defè.
N ap raple gang yo kontinye ap kraze brize an Ayiti, tankou, Solino, Ponsonde, Akayè e latriye, malgre prezans misyon miltinasyonal la nan peyi a.
Sadrax ULYSSE, Centre à la UNE