Selon pòt pawòl adjwen polis Ayiti a Lionel Lazarre, anviwon yon 30tèn bandi tonbe maten madi 19 novanm 2024 la nan kad yon afwontman ak lapolis, aprè fòs lòd yo te fin dekouvri bandi yo nan gwo machin bwat ki t ap tante antre Petyonvil. N ap siyale, popilasyon an kanpe ak lapolis.

Gwo kout zam kontinye fè mikalaw, jodi madi 19 novanm nan nan lakou Pòtoprens, kote lapolis ap toke kòn li ak gwoup nèg ak zam ki ap teworize popilasyon an.

Tout aktivite paralize nan kapital la kote katouch ap chante depi lanwit lan pou rive jis maten an.

Yon sitiyason ki kreye laperèz lakay abitan yo.

Soti Tijo, pase Kanapevè, rive zòn lali, monte Boudon elatriye… lari a bloke akoz gwo kout zam ki pa sispann chante.

Pa gen sikilasyon machin. Lari a blanch. Pòt lekòl yo ret fèmen. Antrepriz yo pa fonksyone. Popilasyon an ret chita lakay yo.

Sa fè 2èm semèn depi aktivite yo kaba nan Pòtoprens akoz vyolans gang yo ki pwopaje nan plizyè teritwa epi fòse plizyè milye moun kouri kite katye lakay yo.

Lapolis plis popilasyon an ki ak manchèt nan men lanse yon operasyon chèche bandi ki gaye Boudon ak Petyonvil. N ap raple madi 19 nov lan, Lapolis kwaze yon kamyon ki t ap transpòte bandi pou monte Petyon vil, kote plizyè dizèn ladan yo deja mouri plizyè zam ak yon dwo-n sezi.

Nan sèlman 4 jou, plis pase 20 mil moun kouri nan Pòtoprens pou gang, selon dènye rapò Òganizasyon Entènasyonal pou Migrasyon (OIM).

N ap raple tout zag briganday sa yo ap rive pandan peyi an gen yon fòs miltinasyonal ki prezan sou teritwa l.

Sadrax ULYSSE, Centre à la UNE !

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841