Regroupman Jounalis k ap defann dwa moun yo Ayiti (RJDH) nan yon nòt yo mete deyò Mèkredi 20 Novanm 2024 la, di yo pran nòt sou repò pou yon dat ki poko fikse odyans piblik aksyon an apèl divès enkilpe sou asasina jounalis Néhémie JOSEPH la ki te dwe dewoule mèkredi sa nan lakou dapèl Ench, kote jij yo bay pretèks yo pa ka deplase akoz rate gaz.

RJDH profite raple jij ki nan kou dapèl yo devwa fondamantal yo pou yo rann jistis ak moun ki merite sa. RJDH di l ap suiv ak anpil atansyon dosye saa pandan yo voye yon piga ak tout responsab ki rantre nan manèv dilatwa ou lòt aksyon ki vle sal pi plis kredibilite ki te deja frajilize nan kad dosye sila.

N ap raple jij Edwige Dorsainvil te rann òdònans li nan mwa mas 2024 kote li te enkilpe lis moun sa yo: Senatè Rony Celestin, aktyèl ajan egzekitif enterimè Lauchard LAGUERRE, Chandou Clerjeune, Elionel Casséus, Angelina Fabiola Cameau, Rosevald Douyon, Huguens Charles, ak Lenel. Daprè rapò sou dosye a, yo ta gen lyen ak asasina Néhémi Joseph, ki te fèt nan Mibalè 10 oktòb 2019.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841