Daprè sa Fondasyon Je Klere FJKL rapòte nan yon ankèt, ansyen DG Kès Asistans Sosyal (CAS), Elionor DEVALON, rekonèt li gen kontak ak plizyè chèf gang nan alantou kapital la, non yo anrejistre sou telefòn li depi 2015 nan epòk li te kandida pou depite 2 èm sikonskripsyon Pòtoprens.

Polisye ki te detache ak Elionor yo, Peterson AUGUSTIN ak Pierre Paul BALAN, gen yon bann zam ilegal yo pa ka pwouve pwovenans yo. Polisye sa yo gen soupson kòm manb gang Baz Pilat, Ezéchiel ALEXANDRE, ap dirije ki kontwole dezyèm sikonskripsyon Pòtoprens

Toujou daprè FJKL, nan fouye, otorite konpetant yo jwenn mesaj sou telefòn polisye yo ki konfime enplikasyon yo nan trafik zam ak katouch e ke enspektè divizyonè Menmnon Miguel, responsab adjwen komisarya Pòtoprens enplike nan rezo trafik sila.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841