Mibalè 16 me 2025

Rood-Nedlon SEBASTIEN
Sitwayen angaje nan sosyete sivil la

Lèt tou louvri pou manm Konsèy Prezidan pou Tranzisyon an (KPT)

Sijè : Yon rèl detrès fas ak degradasyon sekirite nan Mibalè

Mesyedam ki nan Prezidans lan,

Mwen pran libète pou m voye lèt sa ba nou ouvètman jodi a, pa kòm ekspè ni kòm politisyen, men kòm yon sitwayen angaje, ki konsène, e ki temwen dirèk degradasyon silansyèz k ap ravaje kominote nou an ke nou renmen anpil. Vil Mibalè, ki te yon egzanp solidarite ak lapè nan depatman Sant la, ap viv jounen jodi a nan laperèz, mepri, eklips ak abandon total.

Depi plizyè semèn, gang ame nan gwoup teworis ki rele « Viv ansanm nan » ap simen laterè ak la twoublay nan mitan vil la ak nan plizyè lòt katye. Kout zam, kidnaping, piyaj, asasina vin yon bagay nòmal nap viv chak jou. Fanmi kouri kite lakay yo, lekòl fèmen, komès kraze, epi jèn yo pa wè okenn espwa pou avni yo. Kisa Leta di? L ap gade san l pa di anyen. Mwen mande nou kòm garan Repiblik la: Kote Leta a ye lè pèp la ap rele sekou? Kote lapolis la ye lè lalwa ap kraze chak jou devan je nou? Kote tout bèl pawòl sou sekirite ak jistis nou te pwomèt pèp la?

Mibalè se pa peyi etranje, se pa yon zòn pèdi. Se yon vil ayisyen, ak fanm, gason, timoun ki merite sekirite ak diyite. Se sa k fè li enposib pou nou wè bandi ak zam ap mete pye yo kote yo vle san okenn repons, san okenn plan klè, san okenn prezans otorite ki ka bay konfyans. Pou mete plis limyè sou sa, map raple w sa ki rive dimanch 11 me 2025. Pa t gen atak. Pa t gen masak. Men te gen yon fèt. Wi, yon fèt piblik òganize pa bandi yo, nan mitan vil la, devan je tout moun, san okenn repons. Sa pa nòmal. Sa se yon mepri kolektif, yon kout pye sou diyite tout yon pèp. Pandan fanmi ap dòmi nan abri, lekòl fèmen, komès ap vide, kriminèl menm ap taye banda ak zam, bwason, mizik, tankou vil la se pou manman yo ak papa yo. E Leta a? Li pa janm di anyen serye.

Silans sa a pa yon erè. Se yon trayizon, yon mepri, se yon prèv klè ke Leta abandone pèp li. Lè w kite gang mete mizik pou selebre nan mitan vil la, ou ba yo pouvwa, ou rekonèt yo, ou kraze tout ti kras lespwa ki te rete.

"Nou pa ka menm fè yon fèt anivèsè. Men yo menm, yo mete mizik, zam, byè, tankou vil la se lakay yo", se sa yon jèn deplase ki sòti nan ri Kapwa di. Yon jèn fi nan lekòl nòmal jadinyè rakonte m. "Mwen santi lavi a lage m nèt. Chak jou se batay kont dezespwa. Mwen pa wè okenn lòt chwa… eksepte lanmò".

Fèt sa bandi yo rive fè ak fasilite a se yon limyè wouj yo boule. Se yo siy klè ke Leta pèdi kontwòl, e sa mande yon repons prese-prese. Mwen lanse apèl sa a nan non pèsonèl mwen, nan non tout viktim yo, tout deplase yo, tout fanmi ki pa gen vwa.

Rekòmandasyon klè :
1-Voye imedyatman yon fòs sekirite espesyal pou Mibalè, ak lojistik ak mwayen ki solid:

Mete inite elit PNH yo (UDMO, SWAT) sou plas ;
Ranfòse baryè sekirite sou wout Nasyonal #3 ;
Mete pòs siveyans fiks ak mobil nan zòn ki pi danjere yo an nan antre e sòti vil la (Tè wouj, Trianon, kafou sodo, elatriye) ;
Sèvi ak bon jan teknoloji (tankou dròn) si posib.

2- Arestasyon tousuit tout bandi, pou otorite Leta a tounen sou pye.
3- Prepare yon plan sekirite dirab pou Mibalè ak Saut-d’Eau
Patrwouy regilye
Siveyans ak pwoteksyon enfrastrikti sivil yo.

4- Bay èd sikolojik ak imanitè pou tout deplase yo ak sipò ONG yo ak lòt aktè imanitè

5- Kominike ak popilasyon an pou bay bon jan enfòmasyon ak lespwa

Jodi a, Mibalè ap kriye, men Mibalè ap kenbe tèt li wo. Depi gen sitwayen ki kanpe pou reklame jistis, n ap kontinye pale, ekri, mande kont. Paske silans p ap jan m sove pèsonn. Men pawòl ki jis ka leve konsyans yon pèp.

Nan lespwa ke lèt sa a pap yon lòt kout wòch voye nan lanmè. Mwen vle raple w ke Mibalè pa vin mande ni favè, ni lapenn. Mibalè mande pou yo respekte dwa fondamantal li yo. Sa ki rive a, se pa yon senp pwovokasyon : se yon deklarasyon lagè kont popilasyon an. Si Leta kontinye rete san fè anyen, l ap vin konplis pa omisyon. Men nou menm, sitwayen, n ap kontinye denonse, n ap kontinye dokimante, n ap kontinye reziste. Paske laperèz pa dwe vin yon kilti, e diyite yon pèp pa negosye nan kraze brize ak zam. Gouvènman an dwe chwazi : swa l se garan Repiblik la, swa li se konplis silansye dekonpozisyon li.

Mibalè yon jou, Mibalè pou tout tan, Mibalè kanpe!

Rood-Nedlon SEBASTIEN
Jeyograf Aménajè, Jiris
Sitwayen Angaje nan sosyete sivil la

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841